25 septembre 2025
Grèv anseyan: UNNOH anonse dezyèm faz mobilizasyon an kont minis Manigat
Actualités Kreyòl Société

Grèv anseyan: UNNOH anonse dezyèm faz mobilizasyon an kont minis Manigat

 Biwo Ekzekitif UNNOH salye kouraj ak detèminasyon anseyan, elèv, paran, militan nan divès sektè ki rive kenbe drapo mobilizasyon an byen wo depi nan dat 17 avril 2023 pase a. 

 Ki konsta nou dwe fè ?

 1-.  Nesmy Manigat bliye si wòl ledikasyon se transmèt yon seri valè ak konesans ki ka ede dabò konstwi moun ki gen mounite, moun ki gen sans moral, ki pa malveyan answit konstwi sitwayen fanm kou gason ki ka ede ateri transfòmasyon sosyal,politik, ekonomik enpòtan pou ede peyi yo vanse.

 Se pou premye fwa pwofesè ak elèv  jwenn yo anfas yon kalte gouvènman iresponsab, ensousyan, ensansib, sinik ak kriminèl tankou gouvènman defakto Phtk Ariel Henry ak akolit li yo.* Sa montre ki kalte moun yo ye aklè, pou moun ki te bliye: yo se yon gouvènman defakto Phtk bandi « legal », yo se yon latriye bandi ak kòl ki pa diferan ak bandi ak sapat yo kap travay pou menm patwon entènasyonal mafya yo k ap antere peyi a, kraze ledikasyon nou nan enterè patwon yo.

 Nesmy Manigat bliye ke li  ta dwe fè yon ti jefò pou li  genyen yon konpòtman diy kòm minis, yon konpòtman ki pa depaman ak tout valè lekòl la ta dwe transmèt yo.

 2- Pou ki sa pwofesè, paran ak elèv yo pa sispann mobilize depi 2 mwa ?

Se pou reklame chanjman nan sitiyasyon tèrib elèv, paran, pwofesè, ap viv, sitiyasyon global lekòl yo kote pa gen manje, pa gen dlo potab, pa gen entènèt, ni enfimri pou bay premye swen, pa gen materyèl pedagojik elatriye. Mobilizasyon an tou se pou mande ajiste salè anseyan yo ak tout lòt pèsonèl yo, bay asirans, kredi ak lòt avantaj. Epi sispann divizyon sa a kote nan yon menm Leta, yon pati fonksyonè Leta gen kat debi, pandan menm Leta sa a konfiske kat debi anplwaye nan sektè ledikasyon yo ki se fonksyonè Leta tou menm jan ak tout lèzòt yo.

 3- Ki repons minis de fakto a bay revandikasyon lejitim sa yo ?

  Minis defakto Levasyon an pa gen zòrèy pou tande kri elèv yo, paran yo, anseyan yo ki nan lari depi 2 mwa k ap mande pou lekòl fèt nan bonjan kondisyon. Li chita sou blòk glas li pandan 2 mwa kite elèv pwofesè ap pran lari san l pa vire gade. Lè pwofesè, elèv, paran ap pran gaz nan lari, minis lan fèmen je l byen di san li pa fè tante fè anyen nan tètkole ak rès gouvènman defakto a pou pote bon jan repons pwofesè ni elev, paran ak lot militan t ap tann. Nan tèt minis la ki sinik anpil, li di, mwen p ap okipe yo, lè yo bouke ya rete, n ap fè ba yo gaz devan dèyè, ya kanpe.

 Kidonk konpòtman degrenn gòch ak endiy gouvènman defakto a anjeneral ak konpòtman Nesmy Manigat anpatikilye montre se yon ekip jwisè ki pran Leta annotaj ki pa gen ni volonte, ni kapasite pou pote okenn repons ak pwoblèm peyi nou, ni pwoblèm pwofesè, elèv, paran elatriye.* Se ekip moun ki pa nan plas yo. Dayè anpil nan yo ta dwe dèyè bawo oubyen nan mitan 4 mi ap reflechi sou tout krim finansye ak krim san yo fè kont peyi nou.

 4-  ULCC ak Lakou Siperye Dekont pa dwe bliye wòl yo

N ap pwofite mande ULCC ak Lakou Siperyè Dèkont pou yo fè rapid rapid men ak anpil swen ankèt UNNOH mande yo mennen sou jesyon gouvènman defakto a anjeneral ak sou jesyon ministè levasyon nasyonal anpatikilye yon fason pou mete kòd lajistis nan kou tout kowonpi yo.

 5-Yon gwo kout chapo pou tout paran, elèv, anseyan ak sitwayen konsekan

 Zago loray ki gen manèt ledikasyon an ak lajan Leta an gagòt nan men yo vle jwe sou tan pou minen mobilizasyon an, fè li pase pou pèdi tan. Nou regrèt sa pou yo. Gen moun ki kwè nan goumen, gen moun k ap kontinye goumen. Rezistans ak detèminasyon anseyan yo, elèv yo elatriye nan kad mouvman mobilizasyon/ grèv sila a montre gen espwa toujou pou rive genyen bonjan ledikasyon ak bonjan chanjman nan peyi nou. Yon gwo kout chapo pou yo ankò!

 6- Dezyèm faz mouvman mobilizasyon an

 Pa ka genyen okenn espwa satisfaksyon revandikasyon anseyan yo avèk ekip bandi sila yo. Nou gen yon sèl chwa: chwa levekanpe an  blòk,  chwa soulèvman popilè pou chavire sa.

 Nan kad preparasyon dezyèm faz mouvman mobilizasyon an, tout anseyan nan 4 kwen peyi nou ap kòmanse depi jounen lendi 12 jen 2023 a bay yon akonpayman espesyal bay elèv yo nan tout lekòl yo nan lasemèn  tankou nan wikenn pou ede yo gen tan jwenn yon minimòm rapid ki ka pèmèt yo afwonte ekzamen nan klas tankou ekzamen ofisyèl yo.

 Nan sans sa a, nou mande tout sosyete a louvri je l sou konpòtman sinik Nesmy Manigat ki fè pwograme ekzamen politik ki pa enskri nan kad yon evalyasyon pedagojik paske se yon evalyasyon politik k ap fèt nan vid kote pa te gen aprantisay pandan 2 mwa. Si pa t gen aprantisay, ki sa Nesmy Manigat mande pou yo evalye la a?

 Nan Pòtoprens nap klotire premye faz mouvman mobilizasyon an ak jounen pòtlouvri ki pral fèt. Lye ak dat la ap anonse anvan fen semèn sa a.

 Aba tout zago loray ki soti pou fè politik degrenngòch ak ledikasyon nou nan fè egzamen politik kont enterè elèv yo ak paran yo !

 Viv lit pèp la, viv lit pou yon bonjan ledikasyon ki se kle chanjman pèp la ap ekzije la a !

 Viv tèt kole anseyan, elèv, paran ak tout militan òganizasyon pwogresis yo pou yon bonjan ledikasyon !

 Viv yon Ayiti granmoun kote byennèt blayi pou tout moun!

 Pòtoprens jounen lendi 12 jen 2023

Péguy NOËL

Josué MÉRILIEN

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.