Mwen Koube m byen ba pou m eskize m pou fason mwen itilize pou m rantre an kontak ak ou, men lè se pou anonse yon danje ki pandye sou tèt kretyen vivan, mwen jije tout mwayen yo ka itil.
Objektif mesaj mwen an se pou m voye yon *SOS*, pou moun nan vil Léogâne, ki fèk sot frape ak inondation ki lakoz plizyè moun mouri. Toutfwa, pwojektè yo fikse sèlman sou sant vil la, pandan lavi kèk santèn milye tyovi riske pase mal nan jou kap vini yo.
Malgre nou anfas yon Leta ki pa bay popilasyon an regle anyen pou li, mwen solisite kapasite nou genyen pou fè moun tande nou, pou m lanse alèt sa yon fason pou m atire atansyon moun kap dirije yo ak moun ki vle ede yo, sou gwo malè ki pandye sou kèk lokalite nan Léogâne ki menase ak Larivyè Momans, tankou Biré, Neply, Lassalle, Brache, Flon, Laferoney, elatriye.
Fas ak gwo risk ki ka lakòz lokalite sa yo konte plizyè milye kadav nan jou kap vini yo, mwen solisite sipò nou pou pèmèt kri sa rive pi lwen. Yon aksyon konsa ap senbolize patisipasyon w nan ede nou sove lavi plizyè milye tilèzanj ki pa fè anyen ke sibi movèz gouvènans dirijan nou yo depi plis pase de (2) syèk.
Salitasyon patriyotik !
Jacky Joseph