Jounalis Norluck Dorange eksplike kouman bandi legal PHTK|Tèt Kale Kriminalize peyi a pou rantre dosye Kot Kòb Petro Karibe a

0
1448

Tèks ki anonse sanksyon ki entèdi Laurent Lamothe mete pye nan Etazini chaje ak siyifikasyon pou mwen. Dabò se Anthony Blinken ki Sekretè Deta ki siyen l pèsonelman. Teks la di Lamothe vòlò 60 milyon dola pou pi piti. Pou pi piti wi! Paske se chif 300 milyon dola ki tap sikile nan Washingto, nan moman yo te fòse Martelly fè misye demisyone nan post Premye Minis la. Enfòmasyon ki pi enpòtan yo se kote Blinken di e map tradui l pandan map eseye pa trayi sans pawòl orijinal yo. “Presizeman, Lamothe foure men mete nan pòch li pou piti 60 milyon dola, lajan Leta ki soti nan Fon Petro Karibe, ki te la pou envesti nan projè enfrastrikti ak projè sosyal. Misye pran lajan sa yo li privatize yo. A travè zak koripsyon sa yo, paske se li ki gen pouvwa jere Fon sa yo, li profite de pouvwa politik li e sa KONTRIBYE NAN DETERYORASYON ENSTABILITE POLITIK ki anndan Ayiti sèjousi a.” Bow! Lamothe jije. Sa a sifi pou Leta Ayisyen ta pote plent pou Lamothe devan yon tribinal entènasyonal pou jije Lamothe pou Krim Finansye ak Krim kont Limanite.

Annatandan, nan fen text Blinken nan ki anonse se twokèt la, chaj la dèyè pou lòt vòlò Lajan Petro Karibe yo. Mwen panse lè non rès yo soti, Leta ap pran dispozisyon sa a. Ouswa sitwayen anndan tankou nan dyaspora a ka pran inisyativ pati dèyè kriminel Tèt Kale yo pou fè yo peye pou krim Nazi yo komet kont pèp Ayisyen an, ak dyaspora a tou.

Avilisman non ekip Tèt Kale a ki koumanse ak peyi Kanada, ansuit Repiblik Dominikèn ak Etazini gen siyifikasyon politik yo. Teks Blinken nan demontre aklè ko-relasyon ki egziste ant mobilizasyon Kot Kòb Petro Karibe a, ak emèjans gang yo pouvwa Tet Kale a sou Jovenel. Nap remake Lamothe te sipè-konseye Jovenel lè relasyon Jovenel ak Sweet Micky te gen dlo nan gaz yo.

Pawòl l pale nan tout misyon diplomatik yo nan Pòtoprens, pouvwa Tèt Kale a te aktive r gang yo pou te kraze matris mobilizasyon Kot Kob Petro Karibe a nan ghetto yo tankou Bèlè, Solino, Delmas 32 ak Site Solèy.

Lamothe mastè nan kòripsyon.

Li bay Daniel Supplice panzou pou l pran djòb Minis Afè Etranjè. Kouman? Pandan tout minis nan bis prale nan Palman an. Li fè Martelly rele Gary Conille, mande l pou l chanje Supplice paske ”Lolo” mande plas la. Vrè rezon ki fè l te rape plas Minis Afè Etranjè a, se paske li te bezwen re-entrodui tèt li an Afrik, kote l te kite tras li kòm move zafè, “escroc”. Sendika yo nan peyi Sénégal, te leve kanpe kont “bandi” a ki te dèyè desizyon pou takse apèl telefòn ki ap soti nan dyaspora a (menm sa l te fè an Ayiti a) sou prezidan Abdoulaye Wade. Lamothe te mare sosis li ak pitit Wade la Karim Wade pou fè lajan fasil sou do pèp Senegalè a. Sou Laurent Gbagbo, yo te fout le deyò Côte d’Ivoire poutèt li te al prezante projè kriminel sa a. Li te tounen sou Ouattara pandan l Premye Minis la, men Ouattara pat pete nan koton ba li.

An Ayiti, nou konnen se Lamothe ki te sèvo dèyè taks (san okenn Lwa voye nan Palman, ni dekrè prezidansyel)  sou Transfè 1 dola 50 la ak 10 santim pa minit sou tout apel ki ap antre Ayiti yo. Bon, teknoloji a kraze bagay sa a. Se Lamothe ki te mèt kabal pou fè Martelly mande Conille demisyone. Li te maniganse kou a apati kèk depite li te gen tan achte ak pòs diplomatik pou fanm yo nan plizyè peyi. An pasan, li te achte sèvis kèk gwo Jounalist tou. Li nonmen frè youn nan Curaçao. Li nonmen pitit fi yon lòt nan Taiwan.

Men kijan Lamothe te koumanse foure pat li nan lajan Petro Karibe a. Li konvoke reyinyon ak tout konpayi ki te deja gen kontra ak Bellerive yo. Ansanm ak kèk minis li chwazi ki pa l nan kabinè a, (li pat mennen tout). Ti gang anndan gwo gang sa a, chita ak fim yo, yo mande pou rediskite fezabilite kontra yo paske se yo ki an chaj peyi a kounye a. Konsa, map pran egzanp. Ayeropò ki pou te fèt Pòdepè a, yo di se ak lajan sa a yo pral fè Ayeropò Okay la pito. Lajan 14 milyon dola pou Pòdepè a, misye di fè sa Okay la men li vle se 9 milyon pou l koute. Lè fim nan di li te deja gen kontra sou Okay deja pou 16 milyon dola, Lamothe di se Ile a Vache yap mete youn pou 10 milyon. Se konsa Pòdepè pa gen airport. Okay non plis. Li fè fim nan tounen lajan an ba li. Lajan sa yo, Lamothe fè sa l konnen ak yo. Mwen pa bezwen antre nan detay ki deja nan plizyè rapò Sena a ak Kou Siperyè dè Kont, ki montre fason lajan Petro Karibe a gagote nan Sena a, ki pa ale pi lwen pase sa. Paske Kriminel Tet Kale yo te toujou e toujou kontwole pouvwa politik la.

Kidonk, kimen lari a, terè jeneralize peyi a anba l jounen jodia se zèv pouvwa Clinton te fòse mete nan tèt Ayiti a. Se pa akizasyon gratis moun yo ap fè lè yo enplike fòmelman Lamothe ak rès politisyen Tèt Kale plis Bankstè yo nan finansman gang ak kidnaping nan. Nou sonje sa gen 2 zan, yon fanm amerikèn ki ap mennen  aktivite ONG an Ayiti, te fè laprès nan Etazini konnen, yo manke kidnape l sou Lali nan Pòtoprens. Se paske l te gen koneksyon ak Lamothe ki fè kòmando gang nan kite l ale. Fanm nan te temwanye se lè l di gang yo li se moun Lamothe, gang yo mande l prouve sa, li rele Lamothe nan telefòn li, li pase Lamothe sila ki te sanble nan tèt kòmando a selfòn nan. Li di nèg yo pale. Épi apre lidè kòmando a di l li gen chans, li mèt ale.

Lamothe te konprann li ka fè sa l vle sa l pito. Kontrèman a pawòl flatè l yo konn mete devan pou di Lamothe se antreprenè. Lamothe se yon jeni nan fè kou pou fè lajan fasil (vòlò, trafikan) épi li se yon jwuisè ki gaspiye lajan nan gwo plezi. Lè misye te Premye Minis, li pat janm pase wikenn anndan peyi a. Se swa li ale nan kay li achte Punta Cana pou l al fè krèy. Kòtèj misye rive sou frontyè a Jimani. Épi kase tèt tounen Pòtoprens. Te gen yon kòtèj 3 jeep ki te toujou vin pran l sou frontyè a pou mennen l Punta Cana. 3 Jeep sa yo te osèvis eksklizif Lamothe. Lè l pa la machin sa yo pake nan parking Anbasad la nan Santo Domingo. Lè l lòtbò a se ajan Dominiken ki te toujou avè l nan machin kòtèj li. Sèvis sekrè dominiken te toujou ap suiv li.

Lè l pa ale Sendomeng, li ale lakay li Miami. Plizyè fwa lè l bezwen antre ak gwo kach soti Ayiti, se nan avyon prive li fè vin pran l pou mennen l ale e mennen l tounen. Chak Jedi nan Pòtoprens, tèt tout Bankye cho, paske PM Lamothe voye plizyè milyon goud chanje an dola. Nonm nan puisan. Yo pat ka di l non.

An definitiv, selon konsta chef State Department fè li menm, si nou li nòt la byen, nap wè, se pou kwape mouvman Revandikasyon Kot Kòb Petro Karibe a (ki lejitim) Tèt Kale chwazi kriminalize peyi a, lè l distribye zam, mete an plas sikui paralèl pou alimante gang yo an zam ak bal. E menm ranfòse lajan yo ak lajan kidnaping nan, yo menm yo pilote l politikman.

E Martelly, parenn, gen moun ki doute yo ap rive sou li. Yo rive sou li deja. Dosye misye ap triye yon lòt fason. Pa bliye Martelly se yon ti salòp ki toujou di li toujou kolabore ak “chèf” yo (snitch!) lè l bay enfòmasyon sou konplis krim li konn abitye komèt, pou l ka diminye pèn li.

Source

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.