Mathias L. Devert : Ansyen dirijan KEP an Ayiti a nan vrè plas li Etazini

0
5095

Ansyen dirijan KEP a tankou tout sitwayen gen dwa pou fè travay  ki fèl plezi . Kote pwoblèm nan ye  se efektivman pozisyon li te okipe nan peyi l kòm wo fonksyonè epi pou nan peyi etranje li oblije retounen dèyè . Kesyon poun poze :  èske moun nou mete nan pòs enpòtan yo an  Ayiti  vrèman gen konpetans pou sa ?  Èske yo kalifye pou ta okipe menm pòs sa nan lòt peyi ?

Mwen  souvan ap tande plizyè swadizan entèlèktyèl ayisyen ki menm avwe nan medya yo pa alèz ak òdinatè ,teknoloji pa pou yo ;nou panse pwofil moun sa yo ka evolye nan peyi etranje?

Nou pa janm poze pwoblèm yo  an pwofondè. Jodi a èske n janm poze kesyon sou kalite pwofesyonèl ayiti ap fòme ? Mwen menm pèsonelman se lèm al etidye nan peyi etranje map rann mwen kont mwen pat pare pou mache entènasyonal la . Pwoblèm nan,  nou gen anpil moun ki al lekòl se vre men ki pa pwofesyonèl, lage yo nan yon administrasyon yo pap k fè anyen ke repwodui menm sistèm akayik ki te deja la. Gade kòman biwo leta an Ayiti òganize : se toujou menm ti kaye ,fèy blan pou antre non ….pafwa pa menm gen kouran pou limen menm yon òdinatè…

Peyi etranje menm sim dakò gen ti prejije pafwa men administrasyon yo chita sou merit…

Nan eksperyans pam lafrans menm pou w al nan estaj yo pasew tès ak entèvyou men sa ki evidan depi se ou ki pi bon yap relew .

Sa ki esansyèl la se èske w pare pou pozisyon ou vize yo? Malerezman sin pa fè refòm ki nesesè yo nan lekòl an Ayiti lap toujou difisil pou pwofesyonèl nou yo byen evolye nan peyi etranje ki kwè nan administrasyon.

Antouka gen plizyè ansyen dirijan ayisyen ki abitye okipe gwo pòs deyò.  jodi a Garry Conille malgre tout pwoblèm se youn nan pi gwo fonksyonè nan nasyon zini , responsab unicef an amerik , Gérard latortue  pandan vivanl te gwo fonksyonè entènasyonal ap dirije plizyè nasyon…

Epi gen anpil ti jèn ki soti ayiti ki rive nan gwo pozisyon nan peyi etranje ,bagay la se yon kesyon vizyon epi konpetans.

 Chak moun gen vi yo merite, se an Ayiti wap sezi wè moun ki pa ta dwe jeran palè rive prezidan.

Minis afè etranjè Mali a se ansyen gwo fonksyonè entènasyonal ,se pòs li li kite poul tounen sèvi peyil ; plizyè afriken okipe gwo pòs nan Bank Mondyal , FMI….

Yon moun ki pase dirijan KEP  efektivman ta sipoze ka jwe wòl konsiltan nan nenpòt ki ajans entènasyonal kap travay nan kesyon demokrasi….Men malerezman moun sa yo anpil nan yo se sèl Ayiti yo te ka rive wo fonksyonè.

Mathias L.DEVERT

Politologue

mathiasdevert@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.