Raoul Gérard : Viv lit vanyan klas oprime esplwate yo!

0
763

Malgre gwo difikilte, mas popilè yo ann Ayiti pa janm sispann reziste

1-    Depi plizyè lane, mas popilè yo ann Ayiti, sètadi klas oprime esplwate yo, ap mennen yon pakèt lit ki montre, malgre gwo difikilte yo ladann, yo pa janm sispann reziste. Lit sa yo se yon egzanp pèseverans ki merite salye. Se yon egzanp ki merite rekonèt epi ki dwe enspire batay lit klas domine yo nan dòt peyi tou pou yo leve defann dwa yo.

2-    San nou pa bezwen remonte twò lontan, nou ka pran egzanp mobilizasyon plizyè milyon moun, leve-kanpe 2018 yo, kont lavichè ak ogmantasyon pri pwodyi petwolye yo depi sou Jovnèl Moyiz.
Nou ka pran egzanp Peyi Lòk, yon fòm grèv jeneral, kont ogamantasyon pri pwodui petwolye yo gouvènman de fakto Aryèl la, ak kont ensekirite a. Se te yon mouvman ki te dire plizyè semenn.
Nou ka pran egzanp manifestasyon plizyè milye ouvriye soutretans yo chak ane pou revandike yon ajisteman salè minimòm lan anfas gwo represyon lapolis, anfas opozisyon boujwa yo ak anbasad Core Group yo.
Nou ka pran egzanp konbyen diferan grèv chofè, pwofesè, enfimyè, anplwaye leta, elèv ak etidyan, elatriye ki pa janm sispann goumen pou defann dwa yo…
Jounen jodiya se mouvman popilè espontane Bwa Kale a ki vle bay yon repons anfas laterè gang kriminèl yo ak konplisite epi enkapasite leta a…

3-    Tout lit sa yo montre, malgre gwo difikilte lavichè pete fyèl, ensekirite envivab laterè gang yo, maspinay lapolis, CIMO, UDMO elt… rezistans mas popilè yo rete djanm!

4-    Pandan n ap salye konbativite ak detèminayson mas popilè yo, n ap ankouraje nou reflechi pou nou tire leson, pou nou vanse nan lit yo, pou nou pa voye kou gaye san nou pa vize lenmi yo byen. Kou yo fè nou mal, fòk yo santi kou pa nou yo tou.

5-    Milyon moun nan lari pat jete Jovnèl, yon mwa Peyi Lòk poko ni jete Aryèl, ni desann pri gaz la. 5 jou grèv pa rive fòse men ni leta ni boujwa soutretans yo pou monte salè nou. Okontrè, chak ane salè nou ap fè bak fas a lavichè. Fòk nou rekonèt nan fason nou mennen batay sa yo, boujwa yo ak reyaksyonè yo kapab gen plis rezistans pase nou. Se pou nou chèche manyen yo kote yo ka santi fòs frap nou.

6-    Yon sèl dwèt pa manje kalalou. Pise gaye pa kimen. Fòk nou kòdone diferan lit nan kan pèp la epi fòk nou trese yo ansanm nan kaye revandikasyon kan pèp la, san nou pa kite yo divize nou, san nou pa kite yo degrennen lit nou yo.

7-    Gen yon seri kesyon ki PAKA regle alamyab.  Tout revandikasyon nou yo chita sou yon kesyon pouvwa. Fòk nou chèche òganize tèt nou, gonfle fòs nou, mete ansanm nan kan pèp la, pou nou genyen batay pouvwa a. Fòk nou dechouke leta kapitalis sa a, pou nou mete leta pa nou, osèvis travayè esplwate yo, mete atè klas boujwa ak grandon yo. Elaji rezo solidarite ak travayè nan lòt peyi nan obejektif pou konbat tout enjerans enpeyalis yo.

Viv lit vanyan klas oprime esplwate yo!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.