18 décembre 2025
Jounen Premye Me a se pa sèlman yon bon salè minimòm nap ekszije men tou atire atansyon sou kondisyon Leta sa redui lavi nou an Ayiti
Actualités Corruption Insécurité|Kidnapping PHTL livre Haiti à l'Occupation étrangère Société

Jounen Premye Me a se pa sèlman yon bon salè minimòm nap ekszije men tou atire atansyon sou kondisyon Leta sa redui lavi nou an Ayiti

Nòt solidarite ouvriye ak travayè yo, ouvriye agrikol yo kont enperyalis la ak kont lagè

Nou menm, oganizasyon ouvriye, travayè ak popilè denonse vyolans sou tout fòm k ap fèt sou nou anndan izin faktori yo. Se pou tout ouvriye ak travayè nan peyi a mete ansanm pou gade kouman frennen machin krim kapitalis la ki pa janm sispann pote lanmò.

Nou voye yon kokennchenn solidarite ak tout òganizasyon sendikal ouvriye, travayè revolisyonè, tout ouvriye ak travayè endepandan konsekan ak tout revandikasyon mas yo, ki pa kite yon fwa pandan tout vi yo nan batay pou efondreman sistèm kapitalis la pou livre tout konsyans yo ak asosyasyon patwon sou kontwol boujwa kriminèl ki sitou nan konfyolo ak gwoup gang pou teworize mas  popilasyon an.

Bon lontan n ap viv yon sitiyasyon difisil nan peyi a. Kapitalis la simaye toupatou gwo zam fann fwa pou anpeche nou menm malere ak malerèz mache libe libè, pou nou pa kapab regwoupe, kraze tout mwayen ki ka fè nou pase revandikasyon nou jan nou pi pito. Gè sa yo k ap fè san nou koule nan tout depatman lwès la, nan latibonit, san konte tout lot kote nan peyi a se pwojè kapitalis la pou fè dappiyanp sou tè peyizan, pou fè masak sou yo tankou nan Pyat, Monwi, Ench, elatriye. Yon fason, pou yo akapare pi fasil tout fòs kouraj nou; pou pa gen konsistans nan rapò òganizasyon sendikal ouvriye ak ouvriye yo pou pèmèt mobilizasyon yo anndan izin nan oubyen nan lari a kapab gen plis jèvrin. Nou menm òganizasyon manm siyatè nòt sa, nou renouvle pozisyon nou pou denonse mòd konpòtman sa yo.

Jounen jodia nou tout wè kouman boujwa yo pran detui lavi ouvriye ak travayè. Nou tout ap gade nan ki kondisyon yo redui lavi nou. Se pa nan près boujwa yo n ap li, gade ak tande tray ak tribilasyon ouvriye ak travayè yo ap pase. Chak fwa nou fin touche, paske nou dwe menm kichòy la, nou pa rete pou nou pote lakay, pou n kapab pran swen fanmi kòmsadwa. Lekòl pou peye, transpò, lamanjay se gwo chay sou kont kaka aran eksplwatè yo lage nan men nou. Sa k ap pase nan peyi a se nan pwofi boujwa pou kreye plis la mizè, grangou, chomaj, yon mannyè pou jwenn plis moun vin pase tan pou salè tibèkiloz nan endistri tekstil yo. Pèsòn paka aksepte l ap viv nan yon vye kondisyon konsa.

Nou menm, òganizasyon siyatè nòt sa konstate sitiyasyon malouk sa poko ap rive nan bout li, piske ONU, CORE GROUP, OEA, BINUH, kontinye jwenn sipò yon leta k ap ede yo fin toupizi ouvriye ak travayè yo. Pandanstan li pa twò ta pou tout kaye korije epi pran yon lòt etap. Chak jou pi plis sitiyasyon yo ap vin pi grav, leta pa sispann krabinen zo malere ak malerèz yo pou yo pa jwenn kenn fòs pou kanpe goumen kont yo ki mare sosis ak laboujwazi sanginè.

Nou menm, òganizasyon siyatè nòt sa klè sou anganjman nou pran pou fè pase revandikasyon nou ki enskri nan kad lit klas yo. Jounen premye me a pa dwe sèlman fèt nan lide pou ap mande (leta boujwa) yon pi bon salè minimòm pou renouvle dominasyon kapital finansye yo a, men pito yon apèl ak oganizasyon sendikal ouvriye yo, oganizasyon ouvriye yo, pou lanse yon fwa pou tout mobilizasyon pèmanan ouvriye ak travayè yo fas vyolans klas eksplwatèz yo nan peyi a. Jounen premye me sa dwe yon apèl ak konsyans pou chache solidarite ant nou kont yo.

Lavi chè sa ki pèmèt n ap rapwoche ti pa ti pa sou chemen gè planifye anba konplo enperyalis yo, enflasyon ak estabilizasyon paka veritab modòd pwoletè yo. Nou paka ap lite sèlman sou modòd echèl mobil salè yo. Jounen premye me sa dwe yon opòtinite pou reflechi ansanm sou veritab obstak ki poze sou chimen transfomasyon sitiyasyon prerevolisyonè a an sitiyasyon revolisyonè. Jounen premye me sa dwe moman pou veritab alyans ouvriye, travayè ak peyizan yo. Paske, ouvriye agrikòl la se veritab « FRERE D’ARMES » epi menm moun ak ouvriye endistriyèl la. Si nou fè yon sèl pati nan menm klas la, enterè lit nou yo paka depaman ni separab.

Nou menm, òganizasyon manm siyatè nòt sa lanse apèl solidarite nasyonal ak entenasyonal pou yon veritab lit kont sistèm enperyalis la ak kont lagè. Pandan n ap kontinye jete avek tout fòs nou vye konpòtman  fachis, san pidè sou preteks demokrat. N ap mete penga sou leta boujwa sa ki panse yo se mèt ak seyè nan taye banda sou pwoblèm malere ak malerèz yo. Nou dwe ede mas yo, ak èd kèk kritè sou modòd revandikasyon tranzitwa a k ap pèmèt yo marande sitiyasyon y ap viv jodia ak  reyalite konkrèt la pou pèmèt yo franchi tout bon chemen mobilizasyon kont Leta boujwa kriminèl sa.

Viv lit ouvriye ak travayè yo!

Viv batay mas yo !

Viv rezistans pwoletè yo !

Yon lòt revolisyon radikal posib !

Pou Òganizasyon ak siyatè :

Syndicat pour la rénovation des ouvriers D’haïti (SROD’H) : Reginald Jean, Kòdonatè Jenaral

Mouvman Libète, Egalite, sou chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF) : David Oxygène, sekretè jeneral

Òganizasyon Fanm Djanm Ouvriyè Ayisyen (OFDOA) : Rose Myrtha Louis, kòdonatris jeneral

Mouvman Gadyen Pèp la (MOGAP) : Ronald Jean, sekretè aprè

Regwoupman Ouvriye Pwogresis Ayisyen (ROPA) : Jones Jean Baptiste, sekretè jeneral

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.