Popilasyon Sous Matla ak Site Solèy wè lanfè : ECCREDHH rann pouvwa Ariel la responsab

0
972

Pòtoprens, Ayiti, 23 Avril 2023 ((rezonodwes.com))–

POPILASYON SOUS MATLA AK SITE SOLÈY YO WÈ LANFÈ: ECCREDHH RANN GOUVÈNMAN ARIEL HENRY RESPONSAB

Òganis Defans Dwa Moun ECCREDHH ap pwofite voye senpati li bay tout fanmi k’ap konnen moman difisil nan prèske tout kote nan peyi dayiti akòz yon ensekirite k’ap taye banda e ki san bout. Ariel Henry premye minis defakto ak tout akolit li yo, rann pase 100 ayisyen Pèdi lavi yo nan Sous Matla, Lafito Anba kout bal, e pase 6 lòt Nwaye nan lanmè nan chache sove po yo, pami yo gen tilèzanj bazaj. Zak kriminel sa yo dwe jwenn bout yo nan peyi a. Twop san malerèz koule. Lè bandi nan leta makonnen ak lòt gwo zam fann fwa fin fè nou tout kouri kite lakay nou, ki kote nou prale ankò? Tout kote moun ap kouri monte kouri desann pandan manman lwa peyi a fè obligasyon ak moun k’ ap dirije leta pou yo garanti tout dwa fondamantal yo. Olye yo kreye kondisyon pou garanti sa lalwa egzije, yo prefere tabli yon klima laperèz, yon klima laterè nan mitan popilasyon an. Selon enfomasyon ECCREDHH dispoze depi 21 avril 2023 pou rive moman nòt sila ap pibliye a popilasyon Site Solèy lan anba kout bal.

Ki Jefò Leta sa fè pou kwape ensekite a epi fèmen wobinèt san sa ki pa sispann koule?

Ariel Henry ak tout minis li yo kontinye ap woule machin gwo figi, sirèn ak pil sekirite. Ariel Henry ak tout minis li yo san wete youn kontinye ap gagote lajan Leta. Lajan Leta ki se kontribisyon madan Sara yo, machann pistach elatriye, okenn sèvis primè pa retounen jwenn popilasyon sila.

ECCREDHH kondane latriye zak kriminel sa yo, zak sasinay sa yo k’ap fèt sou popilasyon sivil la anba zye sak di yo se otorite sangwen nan leta. Ayiti pa nan gè ak lòt peyi, kouman pou moun paka viv, kouman pou moun paka sikile, kouman pou kretyen vivan paka manje, kouman pou kretyen vivan paka travay e domi leve lakay yo nan sekirite.

ECCREDHH bouke nan denonse zak sasinay, zak kriminel. Nou bouke nan konte kadav. Pou sa, n’ap mande tout Oganizasyon nan sosyete sivil la pou fè yon sèl vwa kont Leta predatè sa, Leta Kriminèl sa, Leta Sansi sa. ECCREDHH ret kwè gen solisyon pou rezoud kriz miltip sa pèp l’ap konnen depi digdantan. Yon Leta ki chita sou Lwa e ki fè de Respè Dwa Moun pilye santral li, se solisyon tout kriz n’ap konnen yo. Oganis Defans Dwa Moun ECCREDHH rete tou louvri pou tout viktim ak tout Oganizasyon nan sosyete sivil la Pou tout diskisyon k’ap abouti ak rezoud kriz peyi a ap fè fas jounen jodi a.

Pou Otantifikasyon:

Me Gesnel PIERRE, Av. Kòwòdonatè Jeneral ECCREDHH
Me Louimann MACEUS,av. Sekretè Jeneral ECCREDHH

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.