Grèv Anseyan : Responsab yon trantèn òganizasyon sendikal chita pale ak minis Edikasyon an, Nesmy Manigat

0
998

Vandredi 21 avril 2023 ((rezonodwes.com))–

Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la chita pale, jodi jedi 20 avril 2023, ak yon senkantèn sendikalis ki te reprezante yon trantèn òganizasyon sendikal k ap defann anseyan yo.

Pandan rankont sa a, minis Nesmy Manigat te vle tande anseyan sa yo sou yon seri kesyon ki gen anpil enpòtans tankou nominasyon, regilarizasyon sitiyasyon sila yo k ap travay san yo pa gen lèt nominasyon, ajisteman salè, aryere salè, kat debi ak kesyon chèk salè ki livre ak anpil jou reta.

Rankont sa a se te okazyon pou sendikalis yo te di sa yo panse sou lòt pwoblèm k ap trakase sektè edikatif, sitou nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la: lekòl k ap mal fonksyone paske yo pa gen bon lokal ; lekòl ki oblije deplase ou nan sèten ka oblije fèmen pòt yo pou kòz vyolans; oubyen ankò anseyan ki pa ka travèse kèk zon danjere pou al travay nan yon lòt zòn.

Toujou pandan rankont sa a, sèten sendikalis te soulve nesesite pou gen pase men ki fèt nan kaye revandikasyon yo te soumèt bay otorite yo nan ministè Edikasyon nasyonal akòz deteryorasyon sitiyasyon sosyal ak ekonomik la. Se yon kesyon ki pa fè inamite, paske gen lòt ki estime kaye revandikasyon an ranmase byen ranmase tout ekspresyon lit òganizasyon sendikal nan sektè edikatif la.

Gade ansanm sa ki posib nan kontèks sa aAnnatandan, negosyasyon yo kapab louvri sou kaye revandikasyon sa a, minis Nesmy Manigat deklare genyen nan revandikasyon sa yo gouvènman tranzisyon an kapab fè jefò pou panche sou yo, konsa tou gen lòt se sèl yon gouvènman ki sòti nan eleksyon ak yon palman ki kapab fasilite yo abouti. Sepandan, anyen pa anpeche dialòg la rapousuiv paske se yon nesesite sosyal, daprè sa minis Edikasyon nasyonal te rapousuiv pou di pandan li bay garanti l ap kontinye travay ansanm ak rès gouvènman sou dosye anseyan yo.

Sou kesyon chèk anseyan kèk direksyon depatmantal edikasyon kenbe paske anseyan sa yo pa janm prezante nan klas, minis Nesmy Manigat raple mezi sa a gen tout sans li paske Leta a pa kapab kontinye ap livre chèk pou anseyan ki toujou absan san li pa menm konnen si anseyan sa yo toujou nan peyi a ou si yo entèrese ak metye a toujou.

Pandan peryòd kontwòl sa, okenn lòt moun pa otorize retire chèk pou yon anseyan. Se konsène a li menm menm ki dwe fè sa. Daprè minis Manigat, se yon mezi ki ta dwe bay Leta a plis mwayen nan sekirize lajan pou nome oubyen regilarize dosye anpil anseyan ki an atant.Selon direktè Etienne Louisseul France, pa gen okenn aryere salè pou anseyan nan depatman lwès la paske yo tout deja resevwa chèk yo pou mwa mas 2023 a.

Peyi a pa dwe pèdi yon lot ane lekolKonsènan mouvman grèv anseyan plizyè lekòl piblik nan Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens antame semen sa a, minis Nesmy Manigat, ankouraje anseyan sa yo retounen travay nan enterè elèv yo ki pa dwe pèdi rès ane lekòl la. Se konsa li bay garanti Leta a kontinye fe devwa pa l nan cheche mwayen pou reponn revandikasyon anseyan.

Biwo kominikasyon/MENFP

Peut être une image de 6 personnes, estrade et texte : « Républiqued'Haiti MENFP Ministère l'Education Nationale Formation Ministè Edikasyon Nasyona akFomasyon Pwofesyonèl MENFF »

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.