Daly Valet : Goudougoudou ap frape ! Kat politik ap rebat an Ayiti

0
1558

Goudougoudou ap frape !

Madi 18 avril 2023 ((rezonodwes.com))–

Nan mitan mwa mas la, Poutine reyini gwo oligak ris yo nan Kremlin pou l di yo yo merite sanksyon Loksidan pran kont yo lè yo sezi lajan labank yo, bèl chato ak yatch yo ki koute plizyè milyon dola. Valè byen ak lajan oligak ris yo peyi Loksidan sesi lakay yo koute preske 100 milya dola. Anfèt Poutine di mesyedam oligak yo pou yo sispann al sere lajan e gaspiye fòtin yo nan choz materyèl blengbendeng nan peyi Loksidan yo e pou yo montre yo se patriyòt ki renmen peyi yo e ki envesti pou ranfòse ekonomi peyi yo Larisi.

Ayiti pa gen yon Poutine. Men li gen anpil oligak politik ak ekonomik ki non sèlman se ajan peyi etranje, men tou ki pa gen okenn lanmou patriyotik pou swadizan peyi ofisyèl yo Ayiti. Anpil ladan yo, se pa tout, fè lajan an nan tout kalte konbin an Ayiti e yo al envesti l Sendomeng oubyen Etazini. Jodi a ni Sendomeng, ni Etazini ni Kanada ap choute yo e kouri dèyè yo tankou bèt ki soufri maladi lapès. Enbesil ki bay, sot ki pa pran. Otorite Leta dominiken yo tou ap pwofite sezi e fè dappiyanp sou byen ak lajan oligak politik ak oligak ekonomik ayisyen yo sible e ki te al sere, blanchi oubyen envesti lajan yo.

Anfèt se yon gwo goudougoudou istorik ki ap sekwe klas politik ak ekonomik ayisyen an. Gen kèk bon grenn figi valab, onèt, prezantab nan mitan yo. Men pifò se sanzave ki pa gen okenn etik ni okenn santiman apatenans ke tout patriyòt dwe genyen pou peyi yo. Malediksyon Ayiti se klas politik ak klas ekonomik aptrid li yo. Yon ekip mesyedam swadizan Ayisyen ki gen pouvwa politik ak pouvwa ekonomik pa ka bay tèt yo sèl ajanda ak misyon ki se piye peyi Dayiti, kraze l epi yo menm ankò ap rele blan e tann blan pou vin ranje peyi yo piye ak kraze a pou yo. Pandan yo ap tann entèvansyon militè blan an, blan ap manyen manm yo fò ak sanksyon pou tout kalte rezon.

Kat politik ap rebat la an Ayiti. Klas politik la, blan an deside kraze l, men yo fè rezèv pou kèk ajan politik pa yo. Gen yon nouvo klas politik k ap fini pa emèje vle pa vle. Klas ekonomik lan pran anpil frap bò pa l. Men, akòz sistèm politik yo ki pi fleksib ke sistem ekonomik lan ki rijid anpil, epi akòz richès peyi a ki konsantre nan men yon ti minorite zuit, li pa reyalis pou nou espere renouvèlman klas ekonomik la si se pa yon revolisyon sosyal manch long e san pran souf ki fèt pou rebati nasyon an, Leta a ak tout fondasyon ekonomik li.

Annatandan, gen yon goudougoudou blan an pwovoke k ap sekwe klas oligak politik ak oligak ekonomik Ayiti a.

Kote sa prale ? Ann suiv.

DV

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.