Matris Liberasyon denonse zak vagabondaj prezidan Dominiken an komèt lè li mete Senatè Cheramy nan lis move zafè

0
1863

Nòt pou LAPRES !

Pòtoprens, madi 17 avril 2023 ((rezonodwes.com))–

Matris liberasyon salye batay ak rezistans pèp Ayisyen an k ap monte yon maswife lannuit kou lajounen anba ensekirite pwograme ki pa gen ni devan, ni dèyè. 

Matris Liberasyon pwofite denonse mannèv Luis Abinader (alye PHTK) tanmen pou fè konfizyon ak divèsyon nan sitiyasyon malouk peyi a trouve li depi plis pase 12 lane anba rejim PHTK a (vèsyon 1, 2 ak 3).

Tankou tout Ayisyen patriyòt konsekan,  Matris liberasyon estomake tande alye PHTK lòtbò fwontyè ki se prezidan dominiken an, fè sòti yon lis kote san jennen li mete non Kòdonatè Nou an ladanl : Senatè KATO.

Fò nou pa bliye kouraj Senatè a te genyen nan denonse pil lajan anbasad meriken ap fè sou do pèp ayisyen nan kesyon viza a !

Pa bliye tou, sèl Senatè a ki pran kouraj li ak 2 bra pou denonse Madan Lalim kòm manman federatè gang nan peyi a !

Pa bliye toujou, Senatè a nan mwa jen 2019, se premye Moun ki te mande pou Jovenel kite peyi a akoz tout deriv, vol, gagòt pouvwa PHTK a ! 

Si se pou manifestasyon 3 oktòb 2019,  se yon dwa konstitisyon peyi a bay tout sitwayen pou l eksprime l lè peyi li an danje.

Donk, anpil mannèv toujou ap fèt pou foure san okenn jistifikasyon kòdonatè Matris lan, nan anpil kont mal taye. Konplo sa yo p ap pase, konplo sa yo pa gen dwa pase! 

Konsa, Matris Liberasyon deklare sa pa dwe rete konsa. Limyè dwe fèt rapidman. Se yon zak vagabondaj prezidan Dominiken an komèt la . Matris ap pwofite mande Otorite  Ayisyen yo konvoke tout moun ki nan lis akizasyon Dominiken yo pou lajistis fè limyè sou sa yo repwoche yo. 

Matris deklare li twò fasil pou yon responsab leta yon lòt peyi ap melanje madigra ak bon mas nan yon dosye lajistis peyi a ta dwe ranmanse depi lontan. Matris ak plizyè moun konnen enplikasyon anpil Biznisman ak anpil Otorite Dominiken genyen nan gagòt petwo Karibe a . 

Matris pa pran nan Kraponnay fòk jijman petwo karibe ap fèt wè pa wè . Fòk tout Kriminel kap kontinye asasine popilasyon an jije kòrèkteman. Pandan lap tann tèt poze lajistis peyi Dayiti fè travay li . 

Tout manm Matris Liberasyon pote solidarite yo ak kowòdonatè nou an:  Antonio Cheramy (Don Kato) ansyen senatè respektab peyi Dayiti a.

NOU SE MATRIS LIBERASYON !!!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.