Gonaives debout | Spòt mobilizasyon pou denonse kè kal Ariel ki kite gang yo sakaje Latibonit

0
1402

Gonayiv paka al St Mak, St Mak paka vin Gonayiv

Ayiti, Ayiti, Ayiti

Sakap pase konsa ,apa c tout bon vwe l’ETA lakay nou livre peyia bay gang bandi San fwa ni kwa pou teworize population an anpeche nou fonksyone.

Nan Latibonit sa gen plis pase 3 mwa depi ke c bandi âme kap fè lalwa an tout enpinite,yo kidnape,yo vole,yo asasine,yo vyole,yo touye,yo detoune ak czi kamyon machandiz yo menm touye pasaje.

Tout bagay sila yo fèt la sou wout national # 1 an anba je otorite yo.

GONAYIV paka al St Mak, St Mak paka vin Gonayiv, Pòtopwens konnen jodia vin yon kapital de non dwa dans le monde.

Men mezanmi èske nan yon peyi serye kote ki gen otorite responsab c konsa sa tap ye.
Èske c paske otorite nou yo nan danse kole ak bandi sinon nan sans sa ki wòl la polis.
La polis siw pa konplis siw pa konplis lè c wou menm ki la pou pwoteje vi ak byen malgre population an peyew kòman fè c bandi ame kap fè lalwa sou pretèks mank de mwayen pou fè fas kare ak yo,men kisaw voye population an al fè.

La jistis ta sanblew plis ap pwoteje bandi lè otorite yo di tout moun defann tèt nou men kisaw voye pèp lan al fè.

Mezanmi daprè militan yo nan « Gonaives debout »solisyon an pa lòt bagay ke yon leve kanpe kote tout fòs viv nan peyi a.

Espesyalman moun Latibonit dwe mete yo debou ak « Gonaives debout » pou mande otorite San vègòy yo ak la polis ranmase karaktè yo pou mete tout bandi hors d’état de nuit jus pou rive tabli yon klima sekirite nan tout peyi a ak lepè nan lesprit chak grenn ayisyen yon mannyè pou evite yon mouvman grenadye alaso ki pa pwen mennen vè yon sivil.

Paske pèp la bouke.
Nou bouke, nou fout bouke.
Nou bouke,nou fout bouke.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.