Petisyon : yon pil ak pakèt ekriven ayisyen di yo pa nan  »Livres en folie » si jal Pwosper Avril alonè

0
5573

Pòtoprens ,Ayiti,

Nan jou mèkredi 12 Avril

Nan lane 2023

NON, pa Prosper Avril

Noumenm, ekriven, atis ,chèchè, moun ki nan koze lakilti, lektè, lektris tout kalte,  nou pran desizyon fèm pou nou pa patisipe, nan okenn fòm, ni kòm achtè ni kòm pwodiktè, nan okenn aktivite ki konsène evènman« Livres en folie », ane sa a.

Nou pran desizyon sa a, ansanm, yon mannyè pou nou di devan tout moun : NOU PA DAKÒ AK KOZE POU ANSYEN JAL PROSPER AVRIL JWENN TRIBIN POU Y AP ONORE L.

Pou noumenm :  Pratik politik ansyen Jal Prezidan an pa siye ak sa ki fè lonè pèp ayisyen an, nonplis yo pa t reponn ak okenn respè rèv pou demokrasi pèp ayisyen ap  chèche a. Okontrè zak ansyen jeneral prezidans sa a, an plizyè fwa, revele yo tankou yon fren, yon gwo dig devan batay peyi a ap mennen pou demokrasi tabli. E san nou pa ta vle pote okenn prejije sou valè ekriti JalPrezidan an,  nou pa wè anyen nan sa mesye a ekri a ki ta jistifye pou yo ta envite l kòm ekriven ki merite lonè e respè. Adyewi dan !

Konsa n ap mande kisa moun ki chwazi l yo vle onore?

« Livres en Folie » jouk jodi a, rete youn nan pi gwo evènman, pou n pa di pi gwo a, nan sa ki konsène aktivite Li ak Ekri nan peyi nou an. E noumenm kreyatè, konsomatè liv, moun ki enplike nan koze kilti an jeneral, nou jwe yon gwo wòl nan pèmèt evènman sa a reyalize e enpoze l. Se domaj, pou jodi a, an 2023, responsab yo pran yon wout ki ka fè inisyativ sa a pèdi nan itilite l ak nan valè l.

E poutèt evènman an enpòtan menm : pou Ayiti, pou jenès la, an patiklye, nou panse se nou tout ki gen reskonsabilite   pou fè pwomosyon valè ki chita sou Jistis ak Etik.

Se tou aksepte tout voum se do  ki lakòz jounen jodi a,  peyi a pèdi nanm, moun pa gen okenn gouvènay. Pa gen Peyi san yon sèten ETIK.

N ap redil  ankò : Noumenm ki nan koze pwodiksyon bèlte, sans , ak rèv pou lavi, nou p ap patisipe nan okenn aktivite an rapò ak Livres en Folie ane sa a, ni kòm achtè mi kòm pwodiktè. E nou mande editè, medya, respekte volonte sila a. Nan tan sa a, kote sèten moun ta vle fè kwè tout bagay nòmal, menm vyolasyon kriminèl prensip demokrasi ak jistis, nou kwè li enpòtan pou moun ki enplike nan domèn kilti, liv, aktivite atistik, pa bliye krim ki gen plas yo nan listwa, e se devwa yo pou yo bay egzanp  diyite.

Port-au-Prince, le 12 avril 2023

Non, pas Prosper Avril

Nous, écrivains, artistes, chercheurs, animateurs de la vie culturelle, lectrices et lecteurs, amoureux du livre, de la culture et de l’art, avons pris la décision de ne participer en aucune façon à Livres en folie dans son édition 2023, à cause du choix de l’ancien général Prosper Avril comme co invité d’honneur de cette édition.

Les pratiques politiques de l’ancien général Avril n’ont pas fait honneur aux aspirations démocratiques du peuple haïtien. Elles ont même, au temps de la dictature des Duvalier et après, constitué des obstacles aux avancées démocratiques. Et, sans vouloir l’offenser, nous ne lui connaissons pas une œuvre littéraire ni l’écriture d’une pensée qui justifieraient qu’il soit choisi comme invité d’honneur. Que veut-on valoriser ou récompenser ?

« Livres en Folie », jusqu’ici s’’est imposé comme un événement de première importance dans la vie du livre et de la culture en Haïti ; et les créateurs, les producteurs de pensée, les consommateurs de l’art et du livre y ont beaucoup contribué.  Il est dommage que l’édition 2023 soit ainsi compromise.

Vu l’importance acquise par l’événement, sans faire le choix partisan d’une idéologie ou d’une esthétique particulière, c’est aussi ce laisser-aller sur le plan éthique qui a conduit notre pays dans la situation difficile qu’il connaît aujourd’hui. Il conviendrait que les choix soient le plus que possible en accord avec les principes basiques de la dignité humaine et en harmonie avec cette ferme volonté du peuple haïtien d’habiter un espace de vie en commun selon les piliers de l’Ethique et de la Justice.

Nous refusons donc toute participation à cette édition, ni comme producteurs ni comme consommateurs. Et nous demandons à tous, éditeurs, distributeurs, medias, de respecter cette volonté clairement exprimée. En ce moment où certains voudraient que tout soit permis, y compris les violations les plus flagrantes des principes démocratiques et de la justice, il est juste que dans le monde de la culture, de l’art et du livre, nous gardions en mémoire les crimes historiques et que nous donnions l’exemple de la dignité.

Premye siyatè, Premiers signataires

Legs Edition

Freda Edisyon

Atelier Jeudi Soir

Editions Goutte-Lettres

Syto Cavé, écrivain

Neptune Prince, professeur à l’université

Lyonel Trouillot, écrivain, animateur culturel

Guy Régis, écrivain, animateur culturel

Arnold Antonin, cinéaste

Jean Casimir, sociologue, chercheur, professeur à l’Université

Evelyne Trouillot, écrivaine

Evens Waiche, écrivain

Nadève Ménard, Professeure à l’UEH

Makenzy Orcel, écrivain

Pierre Buteau, historien, professeur à l’UEH

Luis Bernard Henry, écrivain

Jean-Gardy Clervil (Rebèl Pakamô), rappeur

Wooly Saint-Louis Jean, auteur- compositeur-interprète

Jocelyne Trouillot, écrivaine

Jacques Adler Jean-Pierre, poète, animateur culturel

Rodolphe (Sonson) Mathurin, écrivain, enseignant, animateur culturel

Fabrice Torchon, écrivain

Georges Eddy Lucien, chercheur, professeur à l’Université

Magali Comeau Denis, comédienne

Qualito Estimé, poète, professeur à l’ENS

Rolando Etienne, comédien, metteur en scène

Don Pedro Theoney, écrivain

Georgia Nicolas, responsable d’édition

Hilaire Ansky

Ag Gens Jean-Marie

Billy Doré, poète

Godson Antoine, plasticien

Nadève Ménard, professeure à l’Université

Litainé Laguerre, poète.

Yves Marie Gustave, performeur

Coutechève Lavoie Opon, poète

Djevens Franssaint, dramaturge

Kav Alye Pierre, poète, performeur

Georgy Lundi, poète

Adelson Elias, poète

Adelyne Bonhomme, poète

CRICASTRO Haïti

Mélissa Béralus, écrivaine

Ricardo Boucher, poète, animateur culturel

Wolf Junior Jean, comedien

Phanuella Lyncifort Tommy, dramaturge

Nitza Cavalier, dramaturge

Mehdi Chalmers, poète

Josué Mérilien, enseignant, syndicaliste

Michel Acacia, sociologue, professeur à l’Université

Chardlyne Pierre, poète

Négresse Colas, poète

Patrick Erwin Michel, poète

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.