Daly Valet : M ta renmen konnen ki sa Ayiti fè Tonton Sam l ap peye

0
3399

Tonton Sam ak Ayiti !

Madi 11 avril 2023 ((rezonodwes.com))–

M ta renmen konnen ki sa AYITI fè Tonton Sam l ap peye. Ayiti tankou yon piti pi gran an ap kofre. Sendomeng tabli relasyon diplomatik ak Lachin depi 2018. Sendomeng gen relasyon ak Larisi nan nivo Anbasadè. Rejyon Karayib la, Amerik Santral, Amerik Latin louvri diplomasi yo sou Lachin ak Larisi. Brezil jouke nan BRICS ( Brezil, Risi, Chin, Afrikdisid) pandan Ajantin ranpli aplikasyon pou l jwenn klèb sa.Ayiti pyeje anba yon dominasyon ameriken ki paralize l menm nan nivo diplomatik.

Depi Ayiti ta vle fè yon mannèv diplomatik nan menm sans ak Sendomeng, Tonton Sam estomake. Dirijan Ayisyen yo bat ba. Dominasyon sa rive jouk nan chwa politik ekonomik Ayiti. Youn nan pi gwo erè prezidan Jovenel se te vote an 2018 pou mete alye ak zanmi istorik Ayiti deyò nan OEA, nou vle pale de Venezwela. Ayiti pa t jwenn anyen serye an retou nan men Etazini pou vòt sa apa soutni rejim konteste Jomo a.

Poutan, lè Ayiti t ap vote pou mete Kiba deyò nan OEA nan lane 1962, François Duvalier te negosye tennfas ak Ameriken pou leve sanksyon Kennedy te mete kont rejim li an. Apre leve sanksyon yo, Duvalier te egzije avan vòt la pou Ameriken ba yo lajan pou devlope enfrastrikti nan peyi a. Ameriken te blije sede e yo te satisfè egzijans Duvalier yo. Se lajan sa ki t a pral sèvi pou fè Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a.

Ayiti ap betize jodi a, e li tankou yon kokobe nan relasyon l ak Tonton Sam. Fòk relasyon sa redefini, fòk li jwenn yon sèten ekilib ki anfavè tou 2 peyi yo. Balans lan gen fòs kote. Dirijan Ayisyen yo koupab anpil lefèt yo montre yo konfòtab nan posti diplomatik restavèk sa.

Dayè nou konstate Sendomeng gen yon gwo fòs polis, yon gwo lame ak gwo ekipman ak lojistik militè, yon sèvis entèlijans solid. Tou sa ak èd ameriken. Menm endistri fabrike zam Sendomeng devlope lakay li. Poutan menm yon peta Tonton Sam pa vle vann Ayiti pou sekirite pèp Ayisyen an ak pwoteksyon teritwa nasyonal la. Politik 2 pwa, 2 mezi sa Etazini genyen l ant Ayiti ak Sendomeng, depi lè yo te okipe tou 2 peyi sa yo, tout zile a nèt, apre 1915 nan kad deplwaman politik enperyalis Tonton Sam nan Amerik Latin ak Karayib la.Ayiti ap foule anba Tonton Sam.

Ayiti dwe redefini tèt li antanke nasyon ak Eta. Li dwe rekalibre relasyon diplomatik li yo nan sans enterè nasyonal nou menm jan Sendomeng bay tèt li otorite pou l fè sa nan enterè nasyonal pa yo.

Tonton Sam pa dwe jennen nou menm jan yo pa jennen Sendomeng lan. Nou pa dwe kite pèsonn peyi jennen nou lè n ap defini enterè ak priyorite nasyonal ak entènasyonal nou. Nou bezwen lidèchip politik eklere nan gouvènay peyi a ki konprann dinamik jewopolitik yo, ki ka fè konpwomi nan kad dinamik sa yo, san nou pa sakrifye an ti soumi entèrè siperyè nasyon an pou fè lot nasyon plezi.

Youn nan pi gwo dyalòg istorik, sensè, kouraje, serye Ayiti dwe genyen nan defann enterè nasyonal ak entènasyonal pèp ayisyen an se ak Etazini pou kat la rebat anfavè tou 2 pati yo. Sinon politik pi gwo foule pi piti a, sitou lè pi piti a gen mantalite restavèk, ap fè Ayiti rete kokobe tout tan.

Daly Valet
10 avril 2023

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.