Loksidan pran nan konplo : Absè pou Etazini, Maleng Ayiti a riske pouri !

0
2996

yon tèks Gumais Jean-Jacques

Desizyon gwo peyi pwodiktè petwòl yo tankou Arabi Sawoudit, Kowet, Emira Arab Ini, LaRisi ki anba òganizasyon OPÈP yo pran pou koupe nan pwodiksyon petwòl ak gaz natirèl yo, vini tankou yon kout mato nan tèt Loksidan bò kote tout mouvman kap fèt nan Lemond pou vire do bay dominasyon Loksidan. 500 Lane dominasyon Loksidan rive nan bout li. Lemond  kòmanse vire je l an Azi pou bay latè yon lòt direksyon. 


Jèfò pou souti anba enperyalis Loksidan ak diktati dola a ki se te sèl lajan ki te adopte aprè 2è gè mondyal la pou tout tranzaksyon nan ekonomi mondyal la, rive pandan yon gwo risk resesyon mondyal epi fayit sistèm bankè mond lan. OPÈP kanpe dan di pou paske majorite Peyi sa yo di fòk KAT jewopolitik ak ekonomi mond lan rebat paske plis ke mwatye ekonomi ak popilasyon mond lan chita an Azi. 


Dola se te zam finansye ke Tonsam itilize pou gouvènen lemond. Yo enprime kantite yo vle pou absòbe dèt ekstèrye yo ki plis pase 21 trilya dola. Yo itilize dola nan tout gwo enstitisyon finansye tankou Bank Mondyal, FMI, BID, etc pou kontwole finans tout peyi epi mete sanksyon sou sila ki pa vle koube anba otorite lwa epi prensip Dola ameriken an! 


Kidonk, tout peyi tap itilize dola pou achte, fè komès epi sere lajan nan gwo bank sistèm kapitalis loksidan. Sa vle di Tonsam toujou gen ase likidite pou reponn ak flo demand prè pou fè biznis epi pou envesti nan lòt peyi. Paske si yo pa enprime pou achte kòb pa yo an nan gwo bank lakay yo oubyen bank lakay pa w, ou pap ka fè biznis. Dola se te sèl Wa pandan lontan men peyi BRICS yo kòmanse gate jwèt la e menm envite 8 lòt peyi an Azi ak Amerik Latin vin jwenn yo pou fè echanj komès ak lajan pa yo.  


Bizaman, Arabi Sawoudit, yon peyi Arab nan mwayen oryan ki te bon alye Ameriken depi plis pase 50 lane deside kraze lit la. Yon tansyon diplomatik ke Prezidan Biden kreye akoz misye ta deside bay Prens Sawoudyen Ben Salam yon leson demokratik… Ebyen Leson an vire kont Tonsam. Arabi sawoudit deside rapwoche l de Lachin, vann gaz li nan lajan Chinwa, epi mare konplo ak Larisi ki ofri yo yon alyans estratejik pou vann yo gwo Zam lagè nan pri piyay! 


Pa bliye Loksidan fè plis pase 500 lane ap domine lemond. Sòti nan kolonizasyon, esklavaj, pase nan 2 gè mondyal, newokolonyalis, newoliberalis, USA sòti pi gwo venkè nan tout mouvman mond lan konnen yo. Nasyon Ameriken an entèlijan, yo itilize estrateji rasis ak alyans sivilizasyonèl ki chita sou orijn yo kòm pèp ewopeyen, patikilyèman Anglosakson pou pran lidèchip eritaj enperyalis gwo Anpi kolonyal Britanik lan ki te deja etabli sou tout 5 kontinan yo. 


USA vin leve kòm sèl lidè endiskitab nan mwens ke 30 lane aprè 2 gè mondyal yo e pran kòmand gouvenans mondyal la akòz revolisyon endistryèl la, devlopman teknoloji epi kapasite lame li pou deplwaye sou tout kwen latè ak 7 flòt maritim. Menm pandan peryòd lagè fwad nan ane 60 rive 90 yo, Linyon sovyetik pat janm ka kontrekare USA ekonomikman, jodia yo toujou devan nan PIB  malgre gwo kapasite Lachin. Ayiti pandan tout epòk sa tap fè lòbèy pòlitik, gaspiyaj ekonomik epi marese sosis ak move lawon pou kraze peyi an. 


Ebyen men jou a rive! Mond lan ap sekwe nan tout poto ak fondman li. Malerezman, nou pa pare pou pran gwo sekous a akoz briganday politik nèg ak fanm jenerasyon DEMONKRASI 86 yo ki depafini ak peyi an. Yo bouke livre tout resous pwodiksyon nasyonal nou ak defans nasyon an paske se enterè pèsonèl yo nan fè kòripsyon epi negosye pouvwa, koudeta, pòs Premye Mimi ak Eleksyon gang ki te sèl priyorite yo. Jodia 3/4 Ayisyen depann de Ekonomi lakay Tonsam. Byen ou mal, se dyaspora USA ki kenbe Ayiti toujou depi plis pase 37 lane Banbòch demokratik. Lè Peyi OPÈP yo fè konplo pou destabilize lòd mondyal la se Ayiti kap peye sa plis paske nou pa gen ren ekonomik ni lòt altènativ jewopolitik.


Ayiti rive nan gouf Labim san fon an depi aprè lanmò Prezidan Jovenel Moîse. Miche te fè yon bann erè ak dezòd men ekip pouvwa ak kowalisyon abolotcho sa yo se dènye gouvènman malfèktè pou Satan ta vomi bay pèp Ayisyen. Moun mouri pa gade yo, gang ak kidnapè ap banbile, yo pa wè ni grangou malere ni tande rèl peyizan. Sèl Lokipasyon militè yo bezwen pou vin pwoteje pouvwa yo. Koulya tout pri pwodwi pral preske double USA ki te deja anba enflasyon depi aprè Kowona. USA gen pi gwo ekonomi ak rezèv petwòl mond lan, yo ka gouye anba konplo a pandan plizyè ane. E Ayisyen nou menm ak maleng pa nou an ki fin santi a, ou kwè nap chape? 


2030 Lachin ap konfime kòm 1è Pwisans Ekonomik. 2050 Peyi Lend ap vini 2è pwisans ekonomik. Kisa nap fè? Eske nap leve bout tè Desalin lan al mete l an Azi? Oubyen nou dwe kanpe pou nou negosye ak tonSam pandan dyaspora ki lakay yo ap ede nou? Kòman nap benefisye de tout refòm ak rebondisman ekonomik ke mond lan pral sibi yo pou nou chache lòt zanmi san nou pa menase enterè sekirite nasyonal USA? Eske nou kondane pou nou rete anba anachi kriminèl jenerasyon politisyen deblozay 86 la? An verite, si yon lòt jenerasyon lidè konsekan nan tout sektè pa kanpe pou sove Ayiti, peyi sa ap disparèt anba yon lòt non! 

Gumais Jean-Jacques
Kontribitè Endependan, RezoNodwès
Editè Senyò, Haiti Economie

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.