Pozisyon fanm angaje, asosyasyon fanm ak òganisasyon feminis nan okazyon Jounen nasyonal mouvman fanm peyi Dayiti

0
1052

Peyi a ap trepase, dirijan, dirijant nan Leta pran responsabiite n oubyen lage pye n

Lendi 3 avril 2023 ((rezonodwes.com))–

Nou  menm  fanm  angaje,  òganizasyon  fanm  ak  feminis  ki  mete  non  nou  anba  nòt  sa  a,  nou  vle  atire atansyon Leta, tout aktè, aktris, sitou sila yo ki gen pouvwa desizyon, sou sa k ap pase la depi twa (3) lane anviron, kote peyi a ap plonje desann tèt anba nan yon gwo twou san fon. Nòt sa a lonje dwèt sou plizyè figi kriz la genyen, sitou nan zafè sèks, ekonomik ak sekirite.  Nou kwè li pa ko janm twò ta pou nou kanpe emoraji sa a kap detwi diyite tout yon pèp, men sitou fanm ak tifi nan popilasyon an.

Plizyè rapò sou dwa moun montre aklè se jèn gason ki alatèt gang yo! Viktim yo, bò kote pa yo, pa gen okenn sèks. Fanm kou gason viktim anba vòl, vyòl, kidnapin, asasina, elatriye. Anplis de sa yo, genyen kèk zak vyolans, tankou vyolans seksyèl pa egzanp, ki touche sitou medam yo.

Nan katye kote gang yo kontwole, fanm ak ti fi yo pa gen dwa refize avans seksyèl chèf bandi yo, osnon yo riske pèdi lavi yo. Kò fanm yo tounen yon zouti pou bandi kriminèl etabli pouvwa dominasyon yo sou tout yon popilasyon epi kontwole rezistans moun yo kont jan sitiyasyon an ap dejenere a.

Afrontman nan katye  polilè  yo, atak kay moun nan tout kwen  Pòtoprens ak vil provens  provoke anpil deplasman, fanm yo se premye viktim paske se yo kap kouri ak pitit sou bwa yo pou al dòmi nan lari.

Fanm kap vann nan mache, “Madan Sara” kap pote manje lavil malgre gang yo fèmen pifò wout nasyonal yo, ap viktim chak jou vyòl, epi vòl tout sa yo posede, sa ki lage yo nan povrete nèt.

Lòt vyolans fanm yo sibi se nan koze fè paspò a, kote raketè, an konplisite ak kèk ajan nan menm Leta a, non sèlman monte pri paspò a disèt otè, men oblije kèk medam kouche avèk yo pou yo jwenn dokiman an.

Avan tout lòt bagay, zak vyolans sou fanm ak tifi se yon diskriminasyon. Se yon gwo lawonte pou Leta Ayisyen kap pran taks popilasyon an ap peye e ki pa fè anyen di tou pou soulaje soufrans li. Nan yon kontèks kote pa gen ni sèvis ni repons pou garanti dwa seksyèl ak sante repwodiktif medam yo, fanm ak ti fi ki viktim vyolans sa yo ekspoze ak gwo ris tankou: gwosès, maladi yo pran nan fè bagay, pèdi estim yo, swisid, pou nou site sa yo sèlman. Nan kondisyon sa yo, moun ki plis viktim yo se fanm ansent, fanm kap bay tete, fanm andikape, granmoun fanm, tifi di ki gen timoun, fanm selibatè ki gen timoun, fanm nan sektè enfòmèl la sitou “Madan Sara” ak timoun san pwoteksyon fanmi.

Youn nan konsekans kalite vyolans sa yo, se retire nan diyite moun sila ki viktim yo epi teworize tout rès popilasyon  an.  Lòt  konsekans  sitiyasyon  sa  a  genyen,  se  ogmantasyon  ak  banalizasyon  pwostitisyon, pedofili,  eksplwatasyon  ak  abi  seksyèl,  elatriye.  Lòt  aspè  nan  sityasyon  an  se  konsekans  sou  koze ledikasyon an kote ti fi tankou ti gason paka al lekòl pou yo resevwa pen enstriksyon. Anpil lekòl oblije fèmen pòt  yo akòz menas bandi ak kidnapin sou pwofesè,  paran ak elèv, alòske  ledikasyon se pi gwo lespwa yon sosyete.

Nap raple, Ayiti ratifye pifò konvansyon ki genyen sou dwa moun, pami yo Konvansyon entènasyonal pou elimine tout kalte diskriminasyon sou fanm ak tifi ak Konvansyon pou konbat tout kalte vyolans kap fèt sou fanm ak tifi. Zak vyolans sa yo se klèman yon vyolasyon tout konvansyon sa yo !

Sa nap viv jodi a se pa yon aza, se rezilta movèz gouvènans nan tèt Leta a ak yon pakèt inegalite sosyal ak enjistis ki egziste depi lontan e ki touche sitou kategori moun ki nan sitiyasyon ki pi frajil yo.

Malgre kalamite sa yo, malgre pasaj nan dezè sa, li pa twò ta ! Nou kapab korije sitiyasyon an e chanje lavni nou si nou mete men epi kole tèt nou ansanm. Men fòk nou leve pye nou paske pi ta ka pi tris.

Se poutèt sa, nou menm òganizasyon fanm ak feminis ki mete non nou anba nòt sa a, nou leve vwa nou byen wo pou egzije Leta :

1)     Mennen prese prese yon ankèt nasyonal sou tout vyolasyon dwa moun an patikilye dwa fanm nan peyi a ki genyen ladan l tou sa ki fèt ak konplisite ak Leta sitou nan kesyon paspò yo ;

2)    Retabli sekirite piblik nan peyi a pou pèmèt popilasyon ki deplase yo tounen lakay yo ;

3)     Debloke tout wout nan peyi a epi mete sekirite pou fasilite sikilasyon moun fèt nòmalman, an tout libète ;

4)Bay tout popilasyon an, patikilyeman fanm viktim yo aksè ak sèvis yo bezwen (sante, apwi sikolojik, edikasyon, mwayen ekonomik, lajistis, elatriye) ;

5) Fè ouvèti pou jwenn yon antant avèk lòt gwoup òganize ki nan politik, sosyete sivil, sektè biznis lan pou pèmèt nou sòti nan kriz gouvènans la;

6)Monte yon komsiyon ankèt pou konprann nivo enplikasyon gwo zotobre ayisyen ki nan lis sanksyon kèk peyi etranje pran kont yo akoz yo ka enplike nan konplo ak gang pou kraze peyi a, epi pran mezi ki nesesè selon rezilta ankèt sa.

Leta, si nou toujou kontinye avèk atitid manfouben sa a, se swa nou pa nan plas nou, swa nou pa genyen kapasite oswa nou konplis. Nan ka sa, nou ta dwe gen yon ti kras konsyans patriotik retire kò nou pou bay moun ki genyen volonte ak kapasite mennen bak peyi a.

Nan lespri 3 avril 1986, nou ankouraje tout òganizasyon fanm ak feminis fè yon sèl epi chita ansanm pou ekri yon pwopozisyon klè ki ranmase revandikasyon tout moun pou ede sòti peyi a nan tèt chaje sa a. Jodi a, plis pase nenpòt ki lòt moman, peyi a bezwen fanm yo pou ede konstwi yon lòt fòm sosyete ki chita sou respè dwa fanm ak gason, ki ofri menm opòtinite ak tout sitwayen ak sitwayèn kèlkeswa klas sosyal yo, mwayen ekonomik yo, zòn kote yap viv, nivo edikasyon yo, sitiyasyon fizik yo, laj yo elatriye.

An n mete tèt nou ansanm epi travay pou nou bati yon sosyete ki pi bon, pi jis, pi egalitè e ki kapab konstwi yon meyè avni pou tout sitwayèn ak sitwayen !

Pou otantifye nòt la

CUREF (Collectif Universitaire pour la recherche et l’émancipation des femmes) :

Coordonnatrice, Kenise Phanord
Secrétaire Générale, Ketleine Charles

Lis fanm ak òganizasyon ki siyen nòt sa :

Association des Femmes de Gros Morne (AFAGM), Nalda Odeus

Asosyasyon fanm Karenaj (AFAK), Marie Moneus

Asosyon fanm pou devlopman Ansavo Nip (AFADAN), Lisette Jn Pierre

Association des Femmes pour l’Avancement et le Progrès de Bois Neuf (AFAPROB), Maridieu Innocent

Asosyasyon fanm solèy Dayiti (AFASDA), Elvire Eugene

Association des femmes actifs de Trou du Nord (AFAT), Gladise Firmin

Asosyasyon fanm Devue Zetwa (AFDEZ), Mirlande Delisna Asosyasyon fanm Fondelyann (AFF), Elise Laurore Asosyasyon fanm vanyan 4e  seksyon Miragwan (OFV4M)

Asosaysyon fanm komesan medizan (AFKM), Yvronise Bazille

Asosyasyon fanm Plezans (AFP), Verlande Fabien

Association des femmes actifs Monbin Crochu (AFAMC), Silvanie Bureau Association des femmes de Ouanaminthe (AFO), Nerline Monpremier Asosyasyon fanm vanyan Flip (AFVF), Midelaine Saintilma

Asosyasyon fanm Vanyan Peleren (AFVP), Jasmin Delaie

Association des jeunes entrepreneures de Ti Charite, Pierre Angeline

Asosyasyon fanm Kapotiy (AFK), Madou Adrien

Asosyasyon fanm vanyan pou chanjman de Bwa Marmelade (AFVPDM), Nergelie Marcien Association des jeunes actifs pour le développement de Baja (AJADB), Thesuma Androit Asosyasyon fanm aktiv Nip (AFKNIP), Mirlande Cenat

Action volontaire nouvelle identité de la femme (AVNIF), Guirlene Ocvil

Centre d’encadrement des filles adolescentes (CEFA), Maritane Noel

Coordination  de  groupement  des  femmes  pour  le  développement  de  Grande  Savanne  (CFGRADS), Premilia Meraüs

Coordination des femmes pour l’épanouissement de Petit Trou de Nippes (COEFEPTN), Cherline Veuillard

Coordination  de  groupement  des  femmes  pour  le  développement  d’Aranud  (CFGRADA),  Elourdes

Syphraus

Coordination des Femmes organisées commune Aquin (COFOCA)

Coordination pour le développement et l’intégration des femmes (CODIF), Nadie Jean Aubord

Collectif des femmes de l’Artibonite (COFA), Patricia Cassamajor

Collectif  des  femmes  avisées  d’Haïti  pour  le  développement  des  initiatives  économiques  (COFAHDIE), Juliette Mondestin

Engagement des femmes et des filles pour l’environnement et le développement (EFED), Marie Sheyla

Durandisse

Entr’elles, Stecie Guerrier

Èspwa Nòdès (ENE), Enice Monpremier

Organisation des femmes pour le développement de la commune des Verettes (FADECOV), Anette Genat

Fanm vanyan Lepal (FAVAL), Madeleine Figaro

Fanm Lyankou an Blók (FLAB), Renette Mésidort

Collectif féminin haïtien pour la participation politique des femmes, Fanm yo la, Lisa François

Òganizasyon fanm Peyan Dufou (FDP), Tamitha Bruneau

Femmes en action pour le développement du Centre (FADAC), Nadège Macena

Fanm an aksyon Gotye (FAG), Solange Altirin

Fédération des Femmes du Bas Artibonite (FEFBA), Gerda Bien Aimé Fédération des femmes organisées du Nord (FEFONORD), Anise Thémène Femmes en évolution (FEV), Jessy Kénol Saint Marc

Fanm tèt kole (FTK), Marie-Rose Jean

Fanm lidè Debaryè Lagon (FLDL), Marjorie Charles

Gwoup fanm kap travay pou avansman Vido (GFKTAV), Premise Timeau

Inisyativ fanm lakay (INIFAL), Marilyn Christine Fenelon

Ligue haitienne d’actions sociales (LHAS), Zola Lamothe

Kòdinasyon fanm pou devlopman Limonad, KOFADE, Estrella Pierre

Marie Isnise Romelus, Miliant feminis Martine Irgie Dorcellus, militant feminis Media Elle, Dieula Jean Louis

Mouvement des Femmes de Terre Sonné (MFTS), Louisina Valérie

Mouvman fanm Brinèt (MFB), Jean Ketie

Mouvman fanm byenfè Pèch (MFBP), Émilia Bélizaire Mouvman Fanm Jasma Potno (MFJASMAP), Dutreuil Ismonise Mouvman Fanm Progresis Dolan (MFPD), Venise Michel Mouvman fanm Nip Baradè (MFNB), Mimose Delsy

Mouvman fanm vanyan Lamin (MFVL), Natacha Sainbert

Mouvement des femmes pour le développement de la Grand-Anse (MOFEDGA), Rose-Laure Aubord

Mouvman fanm volontè ak aksyon (MOFVA), Lucette Colin Casimir Mouvman fanm peyizan Mengo (MPFM), Marie-Lourdes Charles Milor Dexai, pwofesè nan fakilte Etnoloji

Organisation des Femmes Actives pour le Développement de St Marc (OFACDES), Fédna Laurent Organisation des femmes pour l’Avancement de Dessalines (OFAD), Anilus Cleriméne Casseus Organisation des Femmes Actives des Gonaïves (OFAG) Guerline Innocent

Òganizasyon fanm Kalvè Senterez, OFAKS, André Sildane, Òganizasyon fanm Lakay (OFALAK), Florcie Monéro

Oganizasyon Fanm Peyizan Gwo Mòn (OFAPGM), André Edeline Anicile

Òganizasyon fanm pou lavni Ayiti (OFANLA), Kerlyne Blanc Òganizasyon fanm Peyan Lazil(OFAPA), Marnoline Dessources Òganizasyon fanm Bas du Fort/ Miragwan (OFASBAF), Orline Leger Òganizasyon fanm Bwapou (OFB), Anikita Jean

Òganizasyon Fanm Charrette (OFC), Charline Norelus

Organisation des Fermmes pour le Development de l’Artibonite du Bedou (OFDAD), Roseline Limage Organisation des femmes Decidee Raymond Petit Trou de Nippes (OFEDERPTIN), Dupont Joseph Organisation des Femmes de la 4ème Section de Dessalines (OFD4SD), Evena Corisma

Organisation des femmes pour le développement social de Fort-Liberté (OFFDES), Adeline Menelus

Òganizasyon Fanm Kopere Verèt (OFHKOV), Juanita Exantus

Organisation des Femmes Intégrées pour le Progrès de Dessalines (OFID), Elmitha Cadet

Òganizasyon Fanm Koud Marmelade (OFKM), Marie Betie Deschamps

Organisation des Femmes pour l’Avancement de la Commune de Dessalines (OFLCD), Dasima Eliamene

Oganizasyon Fanm Platon (OFP), Jean Maitre Myrtha

Organisation de femmes de Petite Rivière de Quetant (OFPQ), Marie Yolaine Accolonne

Organisation  des  femmes  pour  le  développement  de  la  commune  d’Arnaud  Nippes  (OFEDCANIPPES),

Beatrice Jn Louis

Organisation des femmes Solidaires de l’Artibonite (OFSA)

Organisation des femmes Solidaires de Trou Sable (OFST)

Òganizasyon fanm vanyan pou devlopman Kafou Lendi (OFVDKL), Marie Marthe Plessimond

Òganizasyon fanm Vanyan de Tè Nèv (OFVTN), Wilméne Jean Jacques

Òganizasyon fanm Ri Mas (OFVR), Guerline Thomas

Organisation  pour  le  Renforcement  des  Femmes  Baissé-levées  Verrettes  (OREFEBV),  Lucienne  Cyrius

Lessage

Organisation Sociale pour Sauver l’Artibonite (OSSA)

Òganizasyon tèt ansanm pou devlopman Plezans Nip (OTDPN), Maleine Alcima

Platfòm fanm solèy klere (PLAFASOK), Wilnie Saintil

Plateforme des Organisations de Femmes pour le Developpement de l’Artibonite (PLAFODA), Louisette

Vertilus

Plateforme des organisations de femmes pour l’avancement du Centre (POFAC), Marseille Lundad

Plateforme des Organisations des Femmes de Gros Morne (POFCGM), Saintanise Jean

Plateforme des organisations de femmes haïtiennes pour le développement (POFHAD), Eunide Innocent

Plateforme   des   Organisations   de   Femmes   pour   l’Avancement   de   la   Commune   de   Marmelade

(PROFACOM), Helene Saint-Jules

Rasableman Fanm Lenbe (RAFAL), Adeline Charlot

Rassemblement des Femmes pour le Développement de Terre Neuve (RAFEDET), Marie Noel Regroupement des femmes actives pour le développement de Trou du Nord (REFADET), Magalie Geffrad Rezo fanm aktif Kapotiy (REFAK), Wideline Caméus

Rezo fanm Nip (REFANIP), Lila Zephirin

Regroupement national des femmes candidates (RENAFECA), Wislaine Dorcelus

Rassemblement des filles d’Anacaona, Lovelie Pierre

Rassemblement femmes engagées Ouanaminthe (RFEO), Roselene Pierre

Rasanbleman fanm Vosye (RFV), Guerline Pierre

Rasanbleman fanm vanyan Basfò (RFVB), Bensie Marseille

Réseaux des organisations de femmes de Petit-Goave (RESOFPEG), Myriam Jean Regroupement des jeunes pour le développement de Madeline, Pierre Darline Solidarité fanm Kapotiy (SFK), Nicole Pierre

Union pour le développement et le respect des femmes haïtiennes (UDREF), Nancy Dessejour Policier

Union des femmes Nippes (UFENI), Sofia Lumène

Zèklè Gwoup Fanm, Francinette Croissy

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.