Plizyè sitwayen pral òganize yon seremoni ranvwa dèyè Helen La Lime – BINUH

0
1295

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè (KONBIT), Pati Popilè Nasyonal (PPN), Sèk Gregory Saint Hilaire | Kominike pou laprès sou seremoni ranvwa dèyè Helen La Lime-BINUH ak disparisyon brital kanmarad Tchadensky Jean Baptiste

Samdi 25 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Nan okazyon depa manman gang Helèn Lalim, KONBIT, PPN ak Sèk Gregory envite tout popilasyon an nan yon seremoni ranvwa k ap fèt dimanch 26 avril la, apati 11zè 30 anba limyè wouj sou Lali.

Seremoni sa a ap fèt pou voye Lalim ale ak tout BINUH pou dega yo fè nan peyi a. Nan kad wòl li t ap jwe pou BINUH, Kò Gwoup ak mafya lokal yo, madan Lalim kite yon bilan lou ak dezas nan peyi a. Madan Lalim ak CNDDR patisipe aktivman nan mete kanpe federasyon G9 la.

Nan rapò li te bay douvan Nasyonzini, Lalim te felisite G9 la pou wòl li jwe nan bese nivo ensekirite a nan peyi a. Madan Lalim, atravè BINUH, se youn nan moun ki enplike jouk nan kou nan mete gang nan peyi a, ki lakòz pèp Ayisyen an ap sibi anpil zak kidnapin, asasina ak masak tribò babò nan peyi a akote moun k ap finanse gang epi enpòte zam yo.

N ap raple, madan Lalim te nan tèt MINUJUSTH depi 2018. Apre li fin patisipe nan krabinen sistèm jistis la ki te deja ajenou, Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres vin mete li nan tèt BINUH kote li te vin ap jwe yon wòl ki plis politik.

Kòm chèf BINUH, nadan Lalim, se te prensipal konseye politik Jovenel Moise ak Ariel Henry te gen nan peyi a. Li te kanpe dèyè Jovenel ak tout pwojè pou krabinen konstitisyon an. Li kanpe dan dèyè dèyè Ariel malgre tout peyi a mobilize kont Ariel. Li patisipe nan mete kanpe HCT a k ap jwe wòl konseye Ariel.

Li vin ranpli misyon sa a nan peyi a, apre dega li fin fè nan rejyon Afrik la pou enperyalis meriken nan lane 1996-1997 yo ak nan Ewòp la kote li te jwe wòl anbasadè, chèf misyon ak Konsil. Annatandan BINUH kite peyi a nèt, n ap pwofite voye yon pinga bay nouvo reprezantan Nasyonzini an pou li pa vin kontinye fè menm dega madan Lalim t ap fè yo.

KONBIT, PPN ak Sèk Gregory denonse ak tout fòs yo, zak sasinay ki fèt sou kanmarad nou Tchadensky Jean Baptiste, etidyan lèt modèn nan Lekòl Nòmal epi atis angaje. Pou denonse zak kriminèl k ap fèt tribò babò nan peyi a ak dirijan kriminèl ki nan tèt Leta a, nou kase randevou dimanch 26 mas 11zè 30 anba limyè wouj lali.

Aba okipasyon ! Aba Kò Gwoup ! Aba BINUH ! Aba pouvwa mafya !

Viv yon Ayiti granmoun !

Josué MERILIEN / KONBIT
Kenny BERNADIN / PPN
Cilien LUXENAT / Sèk GREGORY

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.