Ayiti tounen yon savann pandan 20 mwa anba gouvènans PM defakto Ariel Henri ak alye lokal kou entènasyonal li yo

0
3080

Pozisyon BSA ak lòt Ògan Akò 30 dawout la/Akò Montana sou evolisyon kriz gouvènans ak ensekirite a nan peyi a 

Jedi 23 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Nan yon nòt yo sòti jodi 23 mas 2023 a Biwo Swivi Akò Montana ansanm ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT), Platfòm Sosyete Sivil (PSS) ak Fowòm Politik Montana (FPM) di yo konstate ak anpil endiyasyon, 20 mwa depi enstalasyon PM Ariel Henri nan tèt gouvènman defakto a, anba nominasyon Core Group la, bagay yo dejenere net nan peyi a. 

Selon ansanm ògan ki siyen nòt la, Vyolans gang ame ak gang k ap bay zam ap simen doulè toupatou sitou nan zòn metwopòl Pòtoprens lan. Sitiyasyon sa lakoz okenn katye pa epanye, okenn moun pa ekzante.

Ansanm ògan ki siyen nòt la fè konnen pandan 20 mwa premye minis defakto Ariel Henri ap dirije peyi a, gouvènman l lan pa montre ni volonte ni kapasite pou adrese sitiyasyon mafrez sa a ki trennen dèyè l paralizi prèske total aktivite ekonomik, sosyal ak kiltirèl ki sous lavi nan sosyete a.

Yon lòt bò, ansanm ògan yo fè konnen Ayiti tounen yon savann pandan 20 mwa sa yo anba gouvènans PM defakto Ariel Henri ak alye lokal kou entènasyonal li yo. Yo fè peyi a tounen yon lanfè pou pèp Ayisyen pandan peyi nan karayib la, menm nasyonzini rekonèt responsabilite Etazini pou kantite zam fanm fwa l ap ekspòte nan rejyon an pou anvlimen banditis ak ensekirite, pou n site pwòp pawòl divès ògan ki siyen nòt la.

Toujou daprè pozisyon ansanm ògan yo, tout inisyativ yo pran tankou koze entèvansyon militè entènasyonal, sanksyon goutagout, kAkò-Dezakò 21 desanm tout inisyativ sa yo ale nan sans pou bloke tout inisyativ Ayisyen pou chache yon konsansis reyèl.

Pou Montana li menm, tout evenman k ap brase bil peyi a la fin relasyon youn ak lòt. Yo pa izole. Yo tout antre nan yon plan pou se yo ki deside ki wòl Ayiti ap gen pou jwe anba otorite yo nan nouvèl òd mondyal la.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.