Ministè Edikasion anonse li pral lanse yon resansman jeneral tout lekòl ann Ayiti

0
730

MENFP pral demare resansman jeneral tout lekòl ki nan peyi a

Madi 21 mas 2023 ((rezonodwes.com))– 27 mas 2023, se dat ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) kenbe pou demare Resansman jeneral tout lekòl ki nan peyi a ; lekòl piblik tankou lekòl prive. Operasyon sa a, ki dwe dire yon mwa, ap bout 28 avril 2023.

Selon minis Nesmy Manigat, Resansman jeneral lekòl yo se yon inisyativ ki vle garanti yon pi bon gouvènans sistèm edikatif la, an menm tan tou li tradui tout detèminasyon pou transfòme lekòl la. Yon transfòmasyon ki p ap posib si pa gen bon jan done kredib tankou done sou kantite lekòl k ap fonksyone anndan peyi a, ki kote lekòl sa yo ye egzakteman ak kantite anseyan k ap travay tout bon vre nan lekòl sa yo.

Resansman jeneral lekòl yo konfòm a ka sa ki di nan premye atik ki nan « 12 mezi » yo ; atik ki mande pou tout anseyan kapab genyen yon Pèmi pwovizwa pou yo anseye, se sa minis Manigat te rapouswiv pou di pandan li raple Resansman an obligatwa, sa vle tout lekòl – piblik tankou prive – dwe deklare tèt yo, sinon lekòl yo p ap gen otorizasyon ministè a pou yo enskri elèv pou egzamen Leta yo : egzamen ofisyèl pou 9e ane fondamantal ak egzamen ofisyèl pou fen etid segondè.

Nan sans sa a, minis Edikasyon nasyonal la ankourage responsab tout lekòl yo patisipe nan operasyon sa a ; li menm ankouraje tout kominote edikatif la soutni operasyon sa k ap gen itilite l nan ede konprann pi byen kisa reyalite lekòl yo ye nan peyi a. E, depi done sa yo disponib, Leta ansanm ak patnè li yo ap konnen pi byen kòman pou yo akonpaye lekòl yo ak anseyan yo.

Pou kòdonatè Inite sistèm enfòmatik ministè a, Jean Barthol Aluc, pou yon lekòl kapab anrejistre, l ap bezwen gen yon imèl valid. Se atravè imèl sa a l ap kapab antre sou sit ministè a (www.menfp.gouv.ht).Nan premye echanj yo, l ap resevwa yon nimewo ki konfime lekòl la anrejistre an liy nan platfòm ministè a (www.menfp.gouv.ht). Se sa k ap pèmèt li jwenn yon Pèmi pou li kontinye fonksyone ak otorizasyon pou li enskri kandida nan egzamen Leta yo.

Pou li finalize anrejistreman an, responsab lekòl la dwe depoze nan Direksyon depatmantal edikasyon oubyen nan Biwo distri eskolè kote li ye a lis fòmasyon klas elèv yo ak lis tout pwofesè k ap travay nan lekòl sa a.

Toulede lis sa yo l ap gen pou li antre yo sou platfòm ministè a (www.menfp.gouv.ht). Se yon fason, daprè Jean Wilnor Pierre, kòdonatè antite ki gen chaj Direksyon depatmantal edikasyon yo, pou ministè pi byen kontwole pwosesis la pandan li pa kite pyès lekòl deyò.Jean Wilnor Pierre bay garanti ministe deja pran tout dispozisyon pou fasilite bon dewoulman sesansman jeneral lekòl yo.Li bon pou raple ministè a gen pou objektif elabore Rejis pou lekòl yo, Rejis pou elèv yo ak Rejis pou anseyan yo.

Twa enstriman sa yo konpoze youn nan 12 chantye pou ane akademik 2022-2023 a.Mizapa otorite ki te pran la lapwòl yo, Renan Michel, kòdonatè Pòl apui ; Walex Pierre, responsab DAEPP ak Jean Joseph Judson, responsab DPCE te prezan nan okazyon an.Se Kòdinasyon ekip teknik nasyonal la ki gen ladann senk antite (USI, DPCE, UEP, DAEPP ak BUNEXE) k ap pilote, nan non ministè a, Resansman jeneral lekòl yo.

Biwo kominikasyon/MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.