Raoul Gérard : Ayiti Koupe Fache n°13

0
781

Lan tout bagay k ap pase lan peyi a, ke se milis paramilitè teworis gang ame asasen, kriminèl k ap touye moun, ke se sèvis piblik ak sekirite ki pa genyen, ke se lavichè k ap pete fyèl nou, nou toujou ap mande: kote Leta? Kisa Leta fè ak tout lajan li ramase yo? Kisa Leta fè ak tout mwayen li dispoze yo? 

Se menm jan tou, lè ou voye je gade kijan travayè, travayèz ap sibi lan men patwon, w ap mande kote Leta? Pou ki rezon Leta pa janm di kichoy sou lenjistis ouvriye ak ouvriyèz ap sibi lan men patwon yo? 

Lè nou gade byen nou wè, patwon ak Leta se marasa menm plim, menm plimay. Sa k pi gwav atò, Leta se tchoul patwon yo, e menm jan tou leta se sousou kolon enperyalis yo.

Nan Ayiti Koupe Fache n°13, tande yon temwayaj yon ouvriyèz k ap travay lan sektè soutretans lan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.