Afghanistan se peyi ki gen plis represyon kont fanm sou planèt la, dapre LONI

0
621

Afghanistan se peyi ki gen plis represyon kont fanm nan Mond la daprè LONI (Nasyon Zini)

Jedi 9 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Òganizasyon Nasyonzini deklare ayè mèkredi ki te 8 mas la ke restriksyon otorite peyi Taliban mete sou dwa fanm ak tifi tankou fèmen pifò nan yo lakay yo, lakòz Afghanistan tounen peyi ki gen plis represyon kont fanm nan mond lan.

Deklarasyon sa rive nan lokazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo 8 mas kote divès militan fanm te reyini nan kapital peyi Afghanistan an ki se Kaboul pou yon dezyèm (2e) jounen pwotestasyon kont entèdiksyon rejim Taliban an mete sou edikasyon ak travay pou medam yo.

N ap raple Roza Otunbayeva ki se reprezantan an chèf Nasyon Zini nan peyi
Afghanistan fè konnen : « Fòse mwatye nan popilasyon an rete nan konfinman lakay se yonn nan pi gwo kriz imanitè ak ekonomik ki ekziste e se yon kokenn zak kote nasyon an li menm ap fè tèt li soufri ».

Yon lòt bò reprezantan an te tou pwofite relanse apèl pou mande otorite Taliban yo pou yo sispann ak restriksyon sevè sa yo nan peyi a.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

Photo PAM/Julian Frank Des femmes attendent que leurs enfants soient soumis à un dépistage de la malnutrition dans une clinique de la province de Balkh, en Afghanistan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.