Sa w dwe konnen sou jounen entènasyonal dwa fanm

0
530

Jedi 9 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Jounen entènasyonal dwa fanm ki selebre nan dat 8 mas make divès batay ansanm òganizasyon sitou estrikti fanm yo ap mennen depi plis pase yon syèk kont tout fòm inegalite ki genyan ant fanm ak gason.

Premye inisyativ jounen fanm yo tanmen nan lane 1909. Yon aktivite ki te fèt anba lobedyans pati sosyalis meriken. Men se nan konferans entènasyonal fanm sosyalis yo ki te fèt li menm nan mwa dawou 1910 nan vil copenhague ke Clara Zetkin, yon batayèz maksis alman ta pral pwopoze pou dat 8 mas la vin jounen entènasyonal dwa fanm.
Poun byen sitiye kontèks pwopozisyon dat sa 

Nan epok la fanm yo tap sibi anpil fòm diskriminasyon tankou paka travay ak vote ki se kèk dwa fondalnatal tout moun. Nan premye lane batay fanm yo jounen 8 mas la te konsakre ak mouvman ouvriye epi sosyalis yo. Konsa nan lane 1914, group fanm sosyalis yo ta pral fon gwo woumble nan vil bèlen pou egzije dwa yo genyen pou yo vote tankou tout moun.

Ki moun ki te deside fè jounen 8 mas la vin jounen entènasyonal dwa fanm ?

Nan komansman lane 70 yo, mouvman feminis peyi loksidan yo pral fon dappiyanp sou dat senbolik 8 mas la pou pwofite revandike dwa yo genyen pou travay menm jan ak tout moun epi jete timoun lè yo poko pare pou yo gwòs. Konsa, nan lane 1977, òganizasyon nasyon zini ak anpil lòt òganizasyon entènasyonal pral fè dat 8 mas la vin tout bon jounen entènasyonal dwa fanm.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.