17 juin 2024
Pozisyon selil Nòdwès Fwon patriyotik popilè sou konjonkti an
Actualités Société

Pozisyon selil Nòdwès Fwon patriyotik popilè sou konjonkti an

Fwon Patriyotik Popilè

FPP/Nòdwès

Pòdpè, 23 fevriye 2023

Nòt Pou Laprès

Konplo Dominasyon Konze Nasyonal avèk Kò gwoup kont volonte otodetèminasyon Popilasyon Ayisyèn nan.

Fwon Patriyotik branch Nòdwès konstate dimansyon lit popilè k ap mennen atravè peyi a depi 6,7 jiyè 2018 pou rive jounen jodia. Nan chache konstwi otodetèminasyon pou jwenn wout liberasyon peyi a anba men yon gwoup konze nasyonal k ap aplike ajannda gwoup sendika anbasad peyi enperyalis yo nan lojik pou kase ren lit mas popilè yo nan peyi k ap chache wout Libète. Epi gang yo vin reyafime pwisans yo nan ogmante tout zak kriminalite nan peyi a depi mèt gang yo fin akouche akò tonton nwèl ti koulout madigra 21 desanm pase a san konte aktè ekonomik yo k ap banbile nan monte tout pri pwodwi yo sou mache a pandan y ap naje nan fè goud la pèdi valè devan dola a.

Lè n konsidere depi plis pase 10 lane rejim PHTK anba lòd Kò Gwoup kidnape pouvwa leta pou gagote tout gany demokratik popilasyon ayisyèn nan te rive konstwi aprè 86, nan objektif pou kenbe pèp ayisyen an anba dominasyon ak eksplwatasyon. Tout twa (3) pouvwa Leta a kraze plat atè.

Jounen jodia enperyalis lan avèk pouvwa kriminèl defakto Ariel Henry ak  alye l yo blayi yon veritab sistèm kriminalite, gang nan tout peyi a pou tenyen tout boujon libète k ap chache konstwi nan peyi a. Atitid sila montre aklè konpòtman sinik pouvwa defakto Ariel Henry an genyen melanje ak banm konplotè restavèk k al nan akò 21 desanm sou lòd kò gwoup. Popilasyon an idantifye vrèman mèt ensekirite leta pwograme a mete pou aplike ajannda sanginè yo kont volonte popilasyon ayisyèn nan. Dènye maskarad konplotay 21 desanm 2022 a jistifye yon lòt fwa ankò kouman enperyalis la mèt sèten dirijan politik tradisyonèl nan peyi a ki pa gen kenn kolòn vetebral k al siyen antant ak defakto Ariel Henry epi mande mete peyi a sou okipasyon militè etranje, se yon zak trèt, apatrid! Pou afebli lit popilè a nan peyi k ap chache rekipere dwa libète l ak dwa lavi pou tout moun. Youn nan manm sendika kò gwoup lan, Etazini, anonse byen bonè nan mwa janvye 2023 a, yon pwogram ki pote non «pwogram pawòl» pou 4 peyi: « Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezuela». Se yon estrateji pou kreye yon anbouteyaj lakay nou an Ayiti, pou fè plis Ayisyen al migre nan movèz kondisyon, pandan y ap monte volim ensekirite a epi pou yo jwenn pi bon fòmil pou vin vòlè resous natirèl nou yo menm jan yo te fè sa nan peryòd okipasyon 1915 lan, nan fòse plis pase 400 000 peyizan Ayisyen kite peyi a pou ale nan koupe kann Sendomeng ak Kiba pou anrichi gwo izin sik potanta Ameriken. Se menm sistèm esklavaj la k ap kontinye sou lòt fòm! N ap di popilasyon an desizyon sila pa vini pou granmesi, se yon desizyon politik Etazini pran kont tout boujon libète k ap pouse nan peyi a aprè kawo yo fin kreye nan peyi a avèk konplisite pouvwa kriminèl defakto PHTK Ariel Henry a ak bann alye l yo mete popilasyon an.

FPP branch Nodwès denonse ak tout fòs li tout manèv konplotay dilatwa k ap fèt kont pwojè tranzisyon koupe fache a nou rive inisye mete kanpe ki se Akò Montana a. Depi plis pase yon lane Akò Montana a kanpe nan peyi a, fòs anti chanjman yo ap bare lawout sou tout fòm kont revandikasyon mas popilè yo. N ap di fòs anti chanjman yo, sistèm nan paka pyese ankò, twal sistèm nan pouri, li tounen ranyon! Li rive nan bout li!

Fwon Patriyotik Branch Nodwès fè yon apèl vibran bay tout fòs pwogresis nan peyi a ak tout sektè ki paka tolere lamizè san parèy sa, dola k ap pase monte, grangou toupatou, ensekirite ak kidnapin leta pwograme a ak tolere Ariel Henry ak alye l yo k ap mennen peyi a nan labim y ap kondwi l la. Mete ti enterè pèsonèl yo akote, rejwenn nou nan Akò 30 Dawou 2021 an, (Akò Montana) pou kwape tout fòs fènwa sou chimen Dwa Libète ak Dwa lavi pou tout moun, yon manyè pou n rive tabli tranzisyon koupe fache a k ap gen pou jete baz nan peyi a pou garanti dwa sa yo.

Viv lit pèp la!

Viv yon inite nan kan pwogresis lan!

Viv yon Tranzisyon koupe fache !

Aba okipasyon ak tout fòm sou misyon !

Aba tout akò maskarad ti koulout tonton nwèl restavèk Kò gwoup !

Pou Kòdinasyon Depatmantal FPP/Nòdwès

Kerby JOSEPH, Wilet LEVEILLÉ,  Pierre JOSEPH, Pradel DOSSOU.

Pou Otantifikasyon

Kerby JOSEPH

        Kòdonatè

Telefòn : +509 41595939/39316902

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.