Plizyè atis tankou Danola ak Dibango lage cha pou Etazini, yo  »pull up sou Papy Joe »

0
1412

Jedi 23 fevriye 2023 ((rezonodwes.com))– Pwogram viza imanitè Joe Biden nan ap mache ak vitès gran V.

Pwofesyonèl, chomè, granmoun, timoun, fanm, gason, otorite, polisye kou militè, e latriye : anpil ayisyen vire do bay Ayiti nan kad pwogram sa e gentan pran avyon pou al nan peyi Tonton Sam.

Se konsa tou plizyè jenn atis tou pwofite lage cha a e tankou ti blada yo di nan lari a, atis sa yo  »pull up sou Papy Joe ».

Danola, pou premye fwa rive pilè Etazini, menmsi li pa pitit tè a. Se nouvo manager anbasadris BNC a, Edwin Papillon, ki deklare sa nan mikwo animatè Guy Wewe.

Dibando Banga menm, fè gwo evènman nan ayewopò lè li ap pase pou pran avyon. Anpil moun sezi wè afriken ekstratèrès la se te bon jan Ayisyen lokal li te ye. Bèl akèy, bèl foto ak  »live » te fèt nan ayewopò Fort Lauderdale pou jenn atis la ki, sa pa gen twòp tan te parèt tankou toudenkou epi kraze rezo sosyo yo ak yon videyo  »Extraterrestre ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.