Pataswèl pou Ariel : Pa gen bòt sòlda CARICOM k ap pile tè dAyiti, Philip Davis di PM de fakto Tet Kale a

0
1262

Lendi 20 fevriye 2023 ((rezonodwes.com))– Twa gwo zotobre Tet Kale 3 pran yon pil kalòt marasa youn apre lòt nan zafè drivaye toupatou nan soupriye etranje pou vin pile tè dAyiti ak gwo bòt fere yo.

Apre Jean Victor Généus, minis etranje nan zafè peyi a ki te pase pwòp tèt li nan betiz nan di pawòl dwategoch devan LONI, ak anbasadè ki te kriye 2 ran dlo 2 ran larim devan manm OEA yo, se te tou pa Ariel nan Nassau Bahamas pou te pran yon kòkenn chenn pataswèl nan men CARICOM.

Premye minis Bahamas la ki t ap pale pou tout lòt gwo palto CARICOM yo deklare pou koulye a, CARICOM pa sou zafè voye gwo bòt sòlda pile tè Dessalines.

Philip Davis, Prezidan CARICOM, te pale nan yon konferans pou laprès pou fèmen 44yèm Reyinyon Regilye Chèf Gouvènman CARICOM yo. PM éli a di li remake premye etap nan ede Ayiti se ranfòse Polis Nasyonal la pou pèmèt yo retabli lòd ak kwape aktivite kriminèl yo, apre ke peyi Canada lage sanksyon nan kòfyèl yon ekip moun ki t ap finanse gang epi fè koripsyon.

Men Ariel Henry ak tout kowalisyon Tet Kale 3 a (André Michel, Mirlande Manigat, Supplice Beauzile, e latriye) move kou kong lè yo tande kout fwèt kach sa ki pati nan do yo.

Gouvènman fè sa li pito pou destabilize PNH la. Li pa ba li mwayen, li pa ankouraje polisye k ap fè jefò. Li pito depanse pil milyon nan kanaval ak finanse gang ak militan nan yon seri fo pwojè sosyal ak asènisman.

Dènye kou ki pou touye koukou a, yo louvri pòt VIP pou polisye fè paspò rapid pou jete yo gras ak pwogram viza imanitè Biden nan.

Tout sa yo reve, tout sa yo chante se pou sòlda etranje antre pou yo ka dodomeya ladoudous sou pouvwa epi pase a lòt moun ki nan konfyolo ak yo.

Davis ki konprann ak ki ratyè fè li annafè menm pouse pwent pou di depi kèk tan, tou èd yo voye bay Ayiti, yo detounen yo.

A la wonte! Davis kontinye repete pou yo  »Chemen pou jwenn lapè ak estabilite an Ayiti pa gen ladann ‘bòt sou tè’ men pito bati mekanis sekirite ki an plas ki se polis nasyonal ayisyen an ».

Alafendèfen, malgre anpil milyon dola ke moun Tet Kale 3 sa yo depanse nan lobiyis, se wonbè, won mantèg.

Image

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.