Frakka mande pèp la kontinye mobilize kont leta manfouben, piyajè ak kriminèl

0
775

FÒS REFLEKSYON AK AKSYON SOU KOZE KAY AK ALIMANTASYON (FRAKKA)

Nòt sou sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a

Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap suiv ak anpil enkyetid sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a. Sitiyasyon latèrè gang ak sapat mete ak gang ak kostim yo tabli nan katye popilè yo nan lwès la ak nan latibonit la, oblije anpil konpatriyòt kontinye ap kite lakay yo. Depi nan lane 2022 a, plis pase 30 mil moun te deja kite lakay yo akoz laterè gang yo. Gang yo rive mete kapital la nan mitan yon sentiwon. Yo touye ak kidnape moun lè yo vle. Yo bloke rantre Sid kou rantre Nò kapital la. Pandan lapolis la manke mwayen pou li travay, gang yo pa sispann jwenn gwo zam fanm fwa ak minisyon pou yo kontinye simen latèrè san kè yo pa sote.

Nan depatman Latibonit la menm, gang yo tabli baz yo sitou nan zòn k ap pwodui plis diri nan peyi a. Pandan n ap achte anviwon 300 ak 400 mil tòn metrik diri nan men Etazini chak lane, zam fanm fwa ak minisyon pa janm sispann soti Etazini pou vin jwenn gang yo. Anpil peyizan oblije kouri kite zòn yo ak jaden yo. Peyizan ki rive pwodui yo paka desann nan mache yo. Pafwa se jou mache yo menm gang yo debake pou vin fè deblozay. Nou gen lenpresyon gen yon planifikasyon nan wo nivo pou kraze pwodiksyon lokal la epi libere plis mendèv pou kapitalis la.

N ap pwofite okazyon sa a tou pou nou denonse sa k ap pase nan gran Sid la apre tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Jouk jounen jodi a anpil peyizan kontinye ap dòmi anba moso dra ouswa prela yo mete nan lakou lakay yo. Gen lòt se nan kay ki demantibile y ap dòmi. Nenpòt ti sekous kapab konplike sitiyasyon yo pi plis toujou. Nan plizyè komin nan depatman Sid, Nip ak Grandans, menm dlo peyizan yo pa genyen pou yo bwè. Nan premye seksyon Baradè, se bèt peyizan yo ap pouse pou yo pran dlo pou yo bwè. Devan sitiyasyon malouk sa a, FRAKKA rele yon rèl anmwe sekou pou viktim nan katye popilè yo, nan latibonit ak nan gran Sid la. Pou tout rezon sa yo, Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) mande :

1)    Pou mas yo kontinye mobilize kont leta manfouben, piyajè, kriminèl sa a k ap planifye lanmò nou ak disparisyon peyi a nan tèt kole ak Kò Gwoup la

2)    Pou aktè politik yo ak aktè nan sosyete sivil la jwenn yon antant prese prese pou wete peyi a nan men gang ak kòl yo k ap alimante gang ak sapat yo

3)    Pou leta pran bonjan mezi pou repare viktim yo epi mete aladispozisyon yo kay ak byen kriminèl yo

Pou FRAKKA

Tina Daniel / 37764763                                   Jimmy Michel / 47779187

Philippe François / 48275885

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.