Nòt demanti sou rimè ak mesaj k ap sikile ki ta fe kwè Digicel ta resevwa kòb pou peye pou yon pwogram asenisman atravè MonCash
Pòtoprens, Ayiti – Madi 14 fevriye 2023 : Digicel pa resevwa okenn kòb!!!! N ap fè popilasyon an an jeneral konnen ke gen yon rimè ak mesaj k ap sikile ki ta fe kwè Digicel ta resevwa kòb pou peye pou yon pwogram asenisman atravè MonCash. SE MANTI! PA GEN BAGAY KONSA!!
Digicel ap voye jete byen lwen tout vye nouvèl sa yo, nou pa resevwa okenn lajan de okenn antite.
Mèsi pou bon konprann nou