26 septembre 2025
Ench : Yon senkantèn jenn etidyan MPP 8èm pwomosyon lekòl Fòmasyon Charlemagne Peralte reflechi sou reyalite peyi a
Actualités Kreyòl Société

Ench : Yon senkantèn jenn etidyan MPP 8èm pwomosyon lekòl Fòmasyon Charlemagne Peralte reflechi sou reyalite peyi a

Senkant jenn gason ak jenn fanm ansyen etidyan MPP nan 8 pwomosyon lekòl fòmasyon politik Charlemagne Peralte ki sòti nan depatman Plato Santral la, reyini anba chapo brigad Vilgar Jacques (BVJ) nan Sant Nasyonal Fòmasyon kad peyizan yo nan dat 11 fevriye 2023

Dimanch 12 fevriye 2023 ((rezonodwes.com))–

Pou demare rankont sila selon prensip LFPCP a, ansyen etidyan ak etidyant yo te kanpe pou chante Im nasyonal peyi a ak Im entènasyonal sosyalis la.

Animatè rankont lan kanmarad Chavannes JEAN BAPTISTE te mande pou asanble kanpe pou pran yon minit silans pou salye memwa gwo mapou sa, militan sosyalis la :Vilgar JACQUES anpil moun te konnen sou non TON GA. 

Aprè sa kanmarad Chavannes JEAN BAPTISTE pral esplike kiyès Vilgar JACQUES te ye. Selon Chavannes,  vilgar JACQUES fèt nan lakou Basen Zim  ki nan 3èm seksyon kominal Ench  nan dat 10 Janvye 1954 epi li travèse nan dat 11 Jiyè 2017.

Vilgar JACQUES sete pi jèn manb gwoupman ki te rele Jan Batis Chavàn ki fonde nan kòmansman lane 1973. Vilgar te etidye Animasyon pou Chanjman Sosyal andedan MPP.
Selon fondatè MPP  a Chavannes JEANBAPTISTE, Vilgar JACQUES,  te pase prèske tout lavil andedan travay MPP pou batay kont tout fòm pwojè dominasyon ak eksplatasyon sou mas popilè espesyalman mas peyizan yo.

Vilgar JACQUES sete yon militan revolisyonè angaje disipline nan tout sans tout kote li pase atravè Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP).

Chavannes JEAN BAPTISTE te fè yon kout mizantèks sou konjonkti a nan nivo nasyonal, pou esplike ak jèn yo pozisyon yon seri aktè (SDP, FUSION ak ALYE) ki andedan pouvwa PHTK 3èm vèsyon an jounen jodi a pa yo loray kale, se rezilta batay yo mennen kont mas popilè a. 

Selon Chavannes JEAN BAPTISTE menm ekip reyaksyonè opòtinis sa te debake nan mwa Dawout 2019 nan objektif pou kraze depi nan ze Fowòm Patriyotik Papay (FPP), MPP ak alye li yo t ap òganize. 

Daprè Pòt pawòl MPP ak MPNKP a Chavannes JEANBAPTISTE, nan menm lojik pou SDP, FUSION ak ALYE kontinye konbat batay mas popilè a fè tout estrateji pou konbat fòm antant k ap kape tankou: MARIOTTE, MONTANA.

Pou fè tranzisyon an kanmarad Chavannes JEAN BAPTISTE ta pral pale wol ansyen tout etidyan MPP nan LFPCP andedan BRIGAD VILGAR JACQUES kòm zouti pou ranfòse fòmasyon Politik ak ideyolojik andedan baz yo.

Kanmarad Chavannes te salye travay kèk kanmarad ansyen etidyan LFPCP te kòmanse fè nan komin Ench nan menm pèspektiv sa. 

Se estrikiti ki konpoze ak ansyen etidyan MPP LFPCP k ap travay ak peyizan yo nan tout seksyon kominal Ench lan ki rele GROUP REFLEKSYON POU YON LÒT SOSYETE (GREPS).
KISA BRIGAD VILGAR JACQUES LA YE?

Selon Chavannes JEAN BAPTISTE, BRIGAD la se yon estrikiti ki pran nesans aprè lanmò kanmarad militan Revolisyonè Vilgar andedan  seksyon edikasyon ak animasyon nan MPP.
Ki gen pou misyon kontinye fè fòmasyon Politik ak ideyolojik andedan baz yo nan pèspektiv pou ranfòse kapasite manb ak senpatizan MPP yo nan tout peyi.

Selon lidè Peyizan yo Chavannes JEAN BAPTISTE,  aprè plizyè rankont chita pale andedan MPP epi ouvè BRIGAD VILGAR JACQUES ak tout jèn ki pase nan Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Peralte la (LFPCP).

BRIGAD la gen pou misyon ranfòse travay edikasyon popilè atravè fòmasyon Politik ideyolojik manb MPP yo ak senpatizan yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.