Gary Daniel : Ant pasyon ak lanmou pou ekriti

0
1174

GARY DANIEL: ANT PASYON AK LANMOU POU EKRITI

yon tèks Iléus PAPILLON

Chak moun, k ap viv, pote yon istwa. Chak moun, ki egziste, gen obligasyon pou li antre nan jwèt kole sere ak lavi a. Men, nan deplòtonnay lavi a, gen moun ki kite plis tras pase lòt. Genyen ki fè non yo nan mizik, penti, filozofi, ansèyman, piblisite, elatriye. Gen lòt kategori moun, suivan dinamis yo, yo kenbe lavi a nan plizyè branch. Jodi a, nou gen plezi kanpe yon pèsonaj fètefouni: Gary S. DANIEL.

Li renmen moun rele li Nèg Gonbolyen. Anndan Sosyete Koukouy, li envante pwòp teknik powetik li: Foutbòl lavi, yon kalite pwezi k ap parade  pandan yo ap  kesyone egzistans nou. Gary se yon pwomotè kinalaganach lang ak literati kreyòl ayisyen an. Li se manm aSosyete Koukouy. Gary S. DANIEL se ekriven, epi Visprezidan Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK).

Gary S. DANIEL wè jou nan vil Okap, Ayiti 7 me 1958. Se nan menm vil sa a tou, li kòmanse etid klasik li epi fini yo nan “Collège Canado Haïtien”, Pòtoprens, Ayiti. Tousuit apre, nan ane 1980, li jete kò li nan peyi Etazini. San pèdi tan, li rache yon diplòm Bachelye nan Chimi ak yon Metriz nan Admisitrasyon Biznis. Li etidye Chimi nan SUNY University, Plattsburgh nan peyi Etazini. Li fè etid tou nan University of Phoenix, toujou nan peyi Etazini.

Nan travay sa a, nou eseye gade nonsèlman lavi pèsonaj la, mentou travay li, zèv li, plas li, enpòtans li nan fè pwomosyon literati kreyòl ayisyen an. N ap mete aksan tou sou temwanyaj moun ki pi konnen Gary DANIEL yo. Nou deja envite w fè bèl vwyaj sa a ak nou.

Gary DANIEL fè pati yon ekip Ayisyen ki rete kole sere ak reyalite, kilti epi tout sa ki gen pou yo wè ak Ayiti. Malgre l ap viv kay Tonton Sam depi yon bon moman, lespri Gary DANIEL toujou ap flannen nan peyi a. Tout pasyon li, se wè yon jou peyi li renmen anpil la, Ayiti, soti nan kalite twouying li ye  jounen jodi a.

Gary patisipe nan piblikasyon  Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy, kote li di jan li ta renmen wè syantifik ayisyen yo pibliye bon jan dokiman nan lang manman li. Nan premye nimewo revi a, li deja pran inisyativ ekri non tout eleman chimik yo nan lang kreyòl Ayiti a. Se yon bèl kontribisyon ki kapab anrichi lang kreyòl ayisyen an.

Kreyativite kay Gary Daniel

Gary Daniel antre nan galri ekriven k ap fòje mo epi fabrike teknik pou yo anbeli lekriti. Yon otè ka nonsèlman deside souke sosyete a, reveye nasyon an nan dòmi ak sa l ap ekri, mentou, li ka kreye lòt mo oubyen lòt fòm langaj. Se nan sans sa a, Gary kreye yon teknik powetik ki rele “Pwezi gòl”. Pwezigòl parèt premye fwa nan liv Litani pou woz (2013). Men, li pral vin pèfèksyone teknik pwezi sila a nan Foutbòl lavi 2 a 1 (bay ane a). 

Pou otè Litani pou woz la, Foutbòl lavi a, se tout sa yon moun ap fè pou li siviv pandan egzistans li. Sepandan, menmsi nou ta bay yon gòl, sa pa vle di nou gentan genyen pou sa. Menmsi gòl la se pou nou  ta rive miltimilyadè, n ap kite tout lajan sa a pou lavi. Nou tout ap pase, men, lavi ap toujou egziste. Kidikonk, lavi mennen lèzòm nan yon jwèt, yon esperyans san fen, yon avanti ki egzije bon jan antrennman. Se pa n ap teke, se ede n ap ede limanite konte segond nan zegwi yon milyon revèy, kote lavi nou ap degoute nan chak segond ki pase.

Nan menm teknik pwezigòl la, pou louvri mwa fevriye 2023, Gary Daniel lage nan men nou: “bout (4-3-3)”. Powèt la pati konsa:

gòl dèyè bannann mwen

ti tape w yo

daplon kwòk la”.

Nan demach powetik sa a, ou pa ta di Gary ap sige lavi. Pandan li Pomona nan Nouyòk, li sonje oubyen l ap panse gòl ki dèyè bannann li an. Apresa, tout rès pwezi a mande pou nou mare senti nou sere pou nou antre ladan li.

Pou Gary Daniel, “pwezi se naje nan lespri w san w pa sifoke pèsonn lè w separe imajinasyon ou. E se desinen sou papye pou ede lespri w vwayaje tankou w jwi lonbraj mond w ap viv ladan l lan powetikman, ki se lekti. Alòs, desen sa yo kapab sou wòch, sou fèy bwa, sou papye… sa depann de tan ou ak milye vivasyon ou.”

Rapò ak jenn

Gary Daniel toujou louvri bra li pou li tande tout jenn, sitou sila yo ki renmen lekriti. Konsèy, sajès ak esperyans, li toujou pare pou pataje yo ak jenerasyon ki vini apre li, se boulpik Gary. Pa gen pi bèl fason nou ka panse repwodiksyon sosyal pase sa. Anivince Jean Baptiste, Iléus Papillon… pami latriye jèn Gary bay lanme pou wè lòtbò lorizon. Tankou divès lòt Sosyete Koukouy, Manno Ejèn, Michel-Ange Hyppolite, Jean Majou, Gary Daniel toujou pare epi dispoze pou ede jèn yo trase chimen yo nan ekriti.

Temwanyaj

Kèk temwanyaj sou Gary DANIEL:

Pa make temwanyaj sou Gary Daniel. Kantite moun ki apresye zèv pèsonja sa menm mande yon lòt atik. Nou kenbe sèlman sa yo toujou.

Selon Kiki Wainwritght, « Pwezi Gary S. Daniel makònen ak yon sireyalis ki gen imaj, metafò epi anpil lòt engredyan li asezonnen pou bay ekritay la bèlte, fòs, modènite; kontribisyon Gary Daniel nan literati kreyòl ayisyen an se yon diplis kit pou nou nan Sosyete   Koukouy kit pou peyi a, yon kontribisyon pozitif nou fèt pou konsidere. » Kiki Wainwright, Mizisyen, powèt epi manm Sosyete Koukouy                                 

Manno Ejèn, li menm, pa pase nan chimen dekoupe. Nan yon tantativ pou li pwoche epi kanpe pèsonaj la, li fè konnen, « Gary Daniel se yon powèt militan. Militan sosyal, politik ki mete Ayiti, sosyete ayisyen an, kilti ayisyen an ak lang ayisyen an kanpe nan mitan èv li. Li se tou yon kreyatè militan, yon fouyapòt ki pa pote non plim li,  » Nèg Gonbolyen », pou bèl lank. Se tout tan l ape lanbe pwent plim li pou li sa pote plis nèfte nan èv li, k ape kontribye pou pote nouvote ak anbeli lanng lan. Pwezi gòl se yonn nan twouvay li. Se yon kontribisyon Gary Daniel nan demach Sosyete Koukouy pou li  renouvle pwezi ayisyen an. » Manno Ejèn se powèt, kreyolis, manm fondatè REK epi Manm Sosyete Koukouy Kanada

Pou powèt Anivince JEAN BAPTISTE “Ekriti powetik Gary Daniel la anchouke byen fon nan kilti ayisyen an. S on ekriven, jan nou renmen di li a, ki pa kontante l pote plim pou bèl lank, men ki konprann tou literati ka yon zouti pou akonpanye dinamik transfòmasyon sosyal yo.”  Anivince Jean Baptiste, powèt, Prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, Manm Sosyete Koukouy Dèlma.

Piblikasyon Gary DANIEL

Byen bonè, Gary DANIEL rejwenn filozofi Sosyete Koukouy la, ki te deja chita sou kredo N ap klere nan fè nwa. Se konsa, depi nan premye liv otè a, li pa janm lage lang manman ak papa li, kreyòl. Pami liv Gary DANIEL yo, nou jwenn:

–         Kanmizol nan peyi Gonbolyen. (CLASIG). 1993

–         Tripotay nan peyi Gonbolyen (Powèm avangou: Max Manigat) – Edisyon Koukouy / Koleksyon Koukouy, 1998

–         Litani pou woz / Apre vwayaj Nan peyi Gonbolyen / Rose a prayer for you after trip to Okraland. 2013.

–         Foutbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1 / Pwezigòl/Poertrygoal. (Trilingual Press, Cambridge, Massachusetts)

–         Foutbòl lavi 2 a1 (Pwezi). Edisyon Regwoupman Ekriven Kreyòl

–         Ti Piman Zwazo / Pawoli. Edisyon Regwoupman Ekriven Kreyòl

–         Osekou / I can’t Breathe (Kowonaviris pyang lavi – PAWOLI) – Translated by Norlande Dathis

–         Trip to Okraland”. 2013

–         Moïku san “r””oun”. 2019

–         Mete sou sa, Gary Daniel te dirije Kaye #3 Sosyete Koukouy la

–         Pwezigòl / Poeticgoal ki soti nan Fourbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1. Trilingual Press, Cambridge, Massachussetts, 2021

Omaj

1.    Plak donè pandan 50 lane Sosyete Koukouy renmèt Gary DANIEL pou travay li nan pwomosyon lang kreyòl ayisyen an;

2.    Plak done Asosyasyon Ayisyen nan Tampa Bay(Etazini) – 1998

3.    Plak done Club Creole nan inivèsite FSU – 1998

4.    Plak done Haitian Civic Association of Tampa Bay Inc – 1994-1995

5.    Twofe Sosyete Koukouy – 2015

Jan nou konstate sa, tout lavi ak zèv Gary Daniel senbolize lanmou, pasyon, pataj epi byennèt pou tout moun. Piblikasyon li yo, rapò li devlope ak moun, plak li resevwa, pozisyon li pran, angajman li, elatriye, tout sa yo montre se pa yon senp pasaje sou latè. Gary Daniel enskri li nan filozofi sa: si nou la, nou dwe byen viv, lavi dwe bèl pou tout moun. Annou selebre lavi epi zèv yon mapou pandan li vivan. Konsa ansanm nou va rive konstwi byennèt pou tout moun.

Iléus PAPILLON
Manm Sosyete Koukouy ak Observatoire Patrimoine

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.