12 décembre 2025
Mèri Okap bay randevou 17 fevriye pou dewoulman kanaval 2023 a
Actualités Société

Mèri Okap bay randevou 17 fevriye pou dewoulman kanaval 2023 a

Nan yon kominike ki pibliye ayè vandredi 3 fevriye a sou paj Facebook meri a, Komisyon Minisipal k ap jere vil Okap la fè konnen kanaval la ap òganize ofisyèlman nan dat k ap 17 fevriye a pou bout 19 fevriye nan site wa Anri Kristòf la.

Se anba tèm « Ann Ede Okap kenbe Ayiti Vivan », komisyon minisipal vil la ap pare pou selebre festivite kanavalès yo aprè plizyè bat bouch. « Aprè anpil rankont ant aktè epi operatè kiltirèl, Komisyon Minisipal la chwazi Marc Donald Bazile pou kowòdone aktivite kanavalès yo », nou kab li nan kominike sa.

Yon lòt bò, kominike a fè konnen kowòdonatè a ap akonpaye ak plizyè lòt pèsonalite tankou yon reprezantan Mèri Okap, yon reprezantan Ministè Kilti ak Kominikasyon, yon reprezantan ministè Touris, yon reprezantan laprès epi 2 reprezantan sosyete sivil pou oganizasyon kanaval la.

N ap raple plizyè entènot ak operatè lakilti ta pou yon dewoulman pwochen kanaval nasyonal la nan vil Okap akoz gwo pwoblèm ensekirite ki plane sou kapital peyi a.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.