Daly Valet : Gwo konplo, Moun Pòtoprens pran nan ratyè fè!

1
1291

Ratyè fè !

Moun Pòtoprens pran nan ratyè fè. Gwoup paramilitè ansèkle kapital la nan Nò, Sid, Lès ak Lwès.

Danje dezagreman nan 4 pwen kadino. Moun nan kapital la pa ka fè wonn pòt pou ale nan okenn direksyon nan peyi a san yo pa tonbe sou fwontyè pèsonèl yon gwoup ame trase sou teritwa nasyonal la. Gen plizyè teritwa gwoup ame sou grenn teritwa nasyonal la. Plizyè Kasika. Plizyè anklav tribal. Ou dwe peye pou w pase fwontyè sa yo ou byen ak lajan ou byen ak vi w.

Nan direksyon Sid menm, gwoup ame yo rantre nan kès yo chak jou plis kòb nan kolèk dwa pasaj ke Leta ayisyen li menm ta antre nan pèsepsyon taks ak enpo nan rejyon sa.Lè nou gade kat jewografik la nou ka wè gwoup paramilitè yo kadriye kapital la nèt militèman.

Eske askyon kowòdone sa yo gen pou wè ak koze gang ak bandi ti vòlè ?

Ki enterè yon gang ti vòlè ta genyen pou w mache kraze ak traktè komisarya polis ak mi kloti nan katye rezidansyèl ? Ki enterè ti bandi vòlè ta genyen pou paralize aktivite ekonomik yon peyi nan tout depatman ? Ki enterè ti bandi vòlè ta genyen pou ap masakre ti malere nan katye popilè ak rezidansyèl e fòse anpil moun kite bandonnen kay yo ? Se pa koze gang ti vòlè sa yo ye.

Se pito gwo konplo nasyonal ak entènasyonal k ap egzekite. Sendomeng fè fwontyè l tounen paswa pou gwo zam deguè antre Ayiti al jwenn gwoup paramilitè yo.

Pandanstan dirijan dominiken fin dechennen nan mande fòs entènasyonal pran kontwòl Ayiti pou yo ak nan enterè yo. Dirijan ayisyen pandanstan konpòte yo tankou ti soufrisken restavèk nan rapò yo ak Leta dominiken.

Nou tou pre Etazini la kòm vwazen. Viv Ikrèn jouk an Ewop, peyi blan e ki fè pati pwojè enperyal Loksidan. Ikrèn konble, gate ak lajan plis zam Tonton Sam. Ki enterè menm Tonton Sam sa nan kite Ayiti vwazen l kraze pakanpak, nan pa ede Leta ayisyen jwenn mwayen militè pou defann popilasyon an ak teritwa nasyonal la ?

Ki enterè Kanada genyen nan vann Ayiti yon ekip materyèl militè dyòl bòkyè ? Pandanstan Etazini, Chili, Brezil ap mete pwogram sou pye pou fè Ayisyen kite Ayiti.

Pandanstan Kanada ap pran tout rès ti kad ak pwofesyonèl fòme Ayiti genyen. Olye yo ede Ayiti ranfòse l antanke peyi, yo afebli l, afebli l jiskaske se yon popilasyon ozabwa ak yon leta zonbi ki rete sou yon teritwa aladeriv.Ayiti pran nan gwo konplo.

Daly Valet

1 COMMENT

  1. Bonjour : analiz ou fè yo la eske moun ki alatet peyi a ak,moun ki alatet diplomasi a pa konnen yo?
    Oswa yo pa remake fay ki genyen ant relasyon diplomasi ayiti e Usa?
    Oswa se yon chwa yo fè pou stil toujou rete tyoul Usa kote tout lot peyi ap eseye soti tèt yo pou wè si ya pote yon stabilité nan tout sans bay pèp pa yo.si pa gen pyès moun ki di yo nan tèt payi à yo paka asire anyen ke pèp la,yo menm pran destin yo an men.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.