Kominike SDP ki siyen pa Nènèl Cassy raple ke malgre dènye akò Tonton Nwèl la, Ariel Henry pa gen pyès kapasite pou rezoud kriz la non plis anpeche polisye tonbe anba bal bandi

0
1249

KOMINIKE

«Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) kriye grasmizèrikòd kont konplo ki monte pou efase pèp ayisyen a, epi kondane likidasyon jenn polisye nou yo.»

Pòtoprens, jedi 26 janviye 2023: Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) santi l paka kenbe ankò lè l konsidere tout kalite soufrans pèp la ap sibi tankou : lavi chè, chomaj, problèm gaz, dola k ap file monte chak jou, enflasyon, movèz gouvènans ak problèm ensekirite tout kalite, tankou : zak kidnapin ki fèt sou Profesè Pierre BUTEAU andedan lakay li nan Tomasen 25.

SDP ap raple pèp la, sou lòd Madan Lalime yon Akò pakoti ki pa gen anyen pou wè ak konsensis ki te rive jwenn nan dat 21 desanm 2022 an ki vin plonje peyi a nan plis kawo paske li lage Ariel HENRY poukont li san patisipasyon fòs politik ak sosyete sivil la nan peyi a.

Aprè 18 mwa gouvènans katastrofik Ariel HENRY montre ke l pa gen okenn kapasite pou l rezoud problèm politik, sosyal ak ekonomik k ap ravaje sosyete a, okontrè sitiyasyon peyi a vin pi mal. Lè n ap gade kijan ensekirite a ap vale teren SDP kwè gen yon konplo san parèy ant Leta a ak gang pou teworize popilasyon an, masakre polisye tribobabo pou jistifye entèvansyon militè blan nan peyi a, san bliye nan mwens ke 26 jou depi lane 2023 kòmanse a gen plis pase 15 polisye ki tonbe.

Se twòp atò ! Jan nou te toujou di l, polisye yo soti nan andedan matris pèp la, batay byennèt Pèp ayisyen an dwe batay tout vrè polisye konsekan ki pa nan gang, ki pa nan konplo pou blan vin okipe peyi a.

Konpòtman sispèk kominote entènasyonal la nan sipòte Ariel HENRY nan tèt peyi a, malgre echèk li nan tout domèn montre aklè gen yon konplo pou Ayiti vin tankou Somali yon fason pou kontinye kenbe sistèm peze souse a. Lè gouvènman Ariel HENRY a ak blan deside pa bay PNH la materyèl nesesè pou konbat gang yo se yon fason pou ekspoze polisye yo k ap viktim chak jou pi plis.

SDP yon lòt fwa ankò ap lanse yon apèl ak kominote entènasyonal la pou di yo ke pèp ayisyen an pa kapab ankò anba gouvènman pouryanis, san okenn kontròl kote gagòt ap fèt tribobabo nan Leta a.

SDP ap poze tèt li kesyon poukisa kominote entènasyonal la kontinye ap sipòte yon gouvènman ilegal ilejitim enkonpetan ke pèp la bat chalbare dèyè l e ki rann plis konplike sitiyasyon peyi a?

Pou ane 2023 a pèp la ak polisye yo ap monte lesyèl pa do, aprè kanaj ki sòt fèt sou polisye nan Metivye nan komin Petyon-Vil. Jodi 25 mèkredi janvye 2023 ankò, nan Savyen Depatman Latibonit, gang ame gaspiye plis pase 7 jenn polisye ki te kwè nan peyi a e ki t ap sèvi peyi a ak anpil fyète ak lanmou.

SDP santi l blese jis nan nanm li lè l konstate Ariel HENRY ak tout ekip li deside touye tout lespwa pèp ayisyen an ak jenès peyi a.

SDP ap mande eske moman an pa rive pou pèp la ak tout dirijan konsekan, jenès peyi a pran responbilite yo?

SDP ap mande pou chak grenn sitwayen pran yon ti tan pou reflechi ak gade Ayiti
zanzèt nou yo pou n konn sa pou n fè yon fason pou retire peyi a prese prese nan sitiyasyon malouk l ap travèse la. Nou dwe denonse, revòlte kont tout ènmi Nasyon an. Pou sa fèt, nou bezwen konkou tout moun nan yon demach tèt ansanm ak yon lespri sakrifis.

SDP p ap kite Ayiti koule, n ap kontinye travay san pran souf, konba final la lanse. Pandan n ap prepare pou n antere jenn polisye sa yo ki tonbe sou chan batay, SDP ap profite moman tristès sa pou l voye senpati l bay fanmi ak zanmi polisye sa yo ak tout moun ki touche ak dram sa yo.

SDP ap mande pou group moun sa yo ki pran peyi a an otaj la depi 12 lanne an e ki ploje peyi a nan yon katastròf san parèy sa pou kite tèt peyi Papa Desalin nan prese prese.
Pèp Ayisyen vle viv!

SDP se pèp la, pep la se SDP! Viv yon pouvwa popilè ak pèp la, pou sevi pèp la

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.