KONBIT | Pouvwa bandi legal paka konbat gang : apèl pou yon soulèvman jeneral

0
1363

 Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Pòpilè yo | Pouvwa bandi legal paka konbat gang : apèl pou yon soulèvman jeneral

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo ap suiv ak anpil enterè dimansyon kriz k ap brase bil peyi a jounen jodi a. Depi pouvwa Kò Gwoup / Ariel Henry ak alye yo fin mande entèvansyon militè nan peyi a, se chak jou y ap poze zak pou montre nesesite entèvansyon militè a. Nan 15 jou sèlman, gen 15 polisye ki mouri asasinen.

Plis pase 18 polisye deja mouri asasinen pandan mwa janvye a ki poko menm fini. Mete sou sa, zak kidnapin yo kontinye ap taye banda. Nan dènye jou sa yo, li pran yon lòt vitès. Se nan vag sa a bandi legal kidnape pwofesè Pierre Buteau anndan lakay li ak plizyè elèv ki nan Lise Fritz Pierre Louis.

Pandan tan sa a, grangou, lavichè, kidnapin, vyòl sou fanm ak tifi epi pwoblèm gaz la kontinye ap mete gaz sou lestomak popilasyon an. Dènye zak bandi legal yo komèt nan Latibonit kote yo touye 7 polisye yon sèl kou apre divès polisye fin mouri asasinen nan Petyonvil, revòlte popilasyon an ak anpil polisye nan lapolis la. Sitiyasyon sa a lakòz yon gwo leve kanpe nan lapolis la.

Douvan sitiyasyon malouk sa a, KONBIT sonnen lanbi mobilizasyon an nan tout peyi a pou yon soulèvman jeneral pou nou pouse do CSPN nan, patikilyèman Ariel Henry ak akolit li yo. KONBIT la voye yon gwo kout chapo bay tout moun nan popilasyon an nan diferan vil pwovens yo ki deja koumanse leve kanpe.

Ann kontinye leve kanpe kont ensekirite, kidnapin, grangou ak tout atoufè lokal ak entènasyonal ki pran peyi a ann otaj. Bare anwo, bare anba jouk sa kaba. Pèp k ap batay toutbon, pa janm pèdi batay.

Pou KONBIT la

Josué MERILIEN                                               Guy NUMA

Patrick JOSEPH                                          Jean Paul BASTIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.