Pap François : Omoseksyalite pa yon krim, se yon peche!

0
670

Daprè Pap François Omoseksyalite Pa Yon Krim

Nan yon entèvyou li bay jounal AP (Associated Press), Pap Francois kritike ansanm lwa ki kriminalize omoseksyalite.

Pap la fè konnen Bonye renmen tout pitit li yo jan yo ye a, pandan li tou pwofite lanse apèl bay tout responsab legliz Katolik ki apiye lwa sa yo pou yo akeyi moun LGBTQ yo nan legliz la.

Yon lòt bò, Pap François admèt evèk Katolik yo nan kèk rejyon mond lan apiye ansanm lwa ki kriminalize omoseksyalite kòm yon zak enjis. Pap la atribye atitid sa yo ak enfliyans kiltirèl e li di fòk yo tanmen yon pwosesis chanjman pou rekonèt diyite tout moun.

N ap raple se premye fwa Pap François fè yon deklarasyon ouvè e ki sipòte piblikman ansanm lwa ki pou pwoteje kominote LGBTQ a. Malgre kòmantè Pap la pa depaman ak apwòch jeneral souvren pontif la genyen vizavi kominote LGBTQ a.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.