26 septembre 2025
Gadkòt meriken rapatriye 30 Ayisyen ke yo te pran tou pre Kiba
Actualités Kreyòl Société

Gadkòt meriken rapatriye 30 Ayisyen ke yo te pran tou pre Kiba

Mèkredi 25 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–

Sèvis gadkot Okap resevwa madi 24 janvye a 30 Ayisyen gadkot ameriken rapatriye poutèt yo tap tante rantre ilegalman Etazini nan tibato.

Se 19 janvye pase, Konpatriyòt sila yo te pran kanntè nan zile Latòti depatman nòdwès e Gadkot ameriken arete yo vandredi 20 touprè Kiba, daprè eksplikasyon kèk nan yo.
Nap presize nan 30 Rapatriye yo gen 5 fanm ak 2 timoun.

Charles Belgarde inspecteur IBESR nò te vini pou resevwa Timoun yo ki pat akonpanye.

Depi Okap

Guyno Duverné
Pou Rezo Nòdwès

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.