Ayiti Diaspora Collaborative lanse yon ankèt sou Ayisyen k ap viv Ozetazini

0
1452

Ayiti Diaspora Collaborative (ADC) ap reyalize yon ankèt pou konprann ak konnen pi byen tout kominote ayisyen an k ap viv Ozetazini. Nan sans sa a, platfòm nan ap fè konnen ak tout Ayisyen ki ap viv USA, oubyen tout Ameriken ki gen orijin ayisyèn, yo kapab patisipe nan gwo travay sila a epi bay koutmen pa yo nan pataje lide yo nan ankèt la.

Rezilta travay sa a pral sèvi pou prepare yon dokiman ki ap la pou fè vwa dyaspora ayisyen Ozetazini an ale pi lwe, yon fason pou enfliyans nou nan kominote a kapab grandi.

Ankèt sa a ki fèt nan tèt kole ak « Jorge M. Pérez Metropolitan Center » ki nan FIU, sòti nan yon pwojè rechèch ADC ap reyalize ak sipò W.K. Kellogg Foundation, ki vize itilize fòs tèt ansanm ayisyen ki gen nasyonalite ameriken.

ADC (Ayiti Diaspora Collaborative) se yon platfòm òganizasyon ki regwoupe asosyasyon ki ap evolye Ozetazini ak Ayiti yon fason pou li kapab defann enterè pèp ayisyen an. ADC ap fè travay sa a depi plis pase karant lane.

Pami asosyasyon ki manm ADC yo nou jwenn: Haitian American Foundation for DemocracySant LaAvanse AnsanmAyiti Community TrustFOKALHaitian American Professionals CoalitionHaitian American Voters Empowerment CoalitionHaitian Bridge AllianceHaitian Ladies NetworkHaiti Renewal AllianceQuisqueya University, ak Replenish 509.

Klike sou ekriti sa sa pou kapab patisipe nan ankèt la. Klike la

22C52D1608AB49F39AFE48FF2109B202
fokal.org

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.