18 octobre 2026
Nou Pap Konplis bat bravo lakontantman pou CSPJ pou jij konwonpi li bay kanè nan lajistis
Actualités Société

Nou Pap Konplis bat bravo lakontantman pou CSPJ pou jij konwonpi li bay kanè nan lajistis

Pòtopwens 16 Janvye 2023 

Nòt pou laprès

Estrikti Nou Pap Konplis salye grand près la alawonbadè ki pa janm dekouraje nan batay pou fè boujonnen demokrasi andan peyi a nan bouske bonjan enfòmasyon ak fòmasyon pou popilasyon an.

Nou Pap Konplis bat bravo lakontantman pou CSPJ a ki rive fè yon gwo pase men nan aparèy jidisyè a lè yo rive netwaye plizyè dizèn jij ki pa dwat andan enstitisyon an, sa pwouve aklè malgre tout jij nou konnen ki kowonpi andan aparey jistis la te gen kèk grenn ki dwat toujou e ki fè lonè enstitisyon an. Nou Pap Konplis ap swete pou travay komisyon sa fèt pi souvan nan  ekite ak san pas pouki. yon manyè pou refè figi lajistis la ki t ap vann nan lari 2 pou 15 depi kèk tan andan peyi a.

Nou Pap Konplis ap swete pou CSPJ a remèt ak lajistis lis non jij prezime kowonpi ak abitrè sa sa yo ak sa yo repwoche yo devan lajitis ak lapolis yon fason pou lajistis tande yo de sa yo repwoche yo a, yon fason pou bonjan limyè rive fèt sou sa yo repwoche yo a, sa ki ap pèmèt bonjan ekzanp rive trase pou sila yo ki reve vin ranplase mesyedam sa yo konnen ki sò ki ap rezève pou yo si yo ta swiv Jij malonèt sila yo.

Viv yon ayiti transparan ! Viv lajitis ! Viv Ayiti !

Pou moun ki otantifye nòt sila:
Ricardo Fleuridor 
Jonathan Renois 

Nou Pap Konplis–
Bureau communication
Nou Pap Konplis
Tel: +509 3332 6028 / 3147 8939

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.