Plizyè òganizasyon egzije Lakoudèkont pou l bay arè debè yo prese prese nan kad dosye Petro Karibe a

0
903

Pòtoprens, 18 janvye 2023

Objè: Lèt tou louvri pou tout Jij ki nan Kousiperyè Dèkont yo. 

Medam/Mesye, 

Nou menm òganizasyon ki siyen lèt sa, nou wete chapo nou byen ba pou nou salye tout konseye Lakoudèkont yo ki te pote kole nan reyalize yon rapò akseptab sou gagòt ki te fèt nan lajan Petwokaribe a. Travay sa a te montre aklè Lakou a gen yon gwo wòl li kapab jwe nan konbat kòripsyon nan sosyete a, lè gen volonte pou sa.

Depi 2020 Lakoudèkont pibliye Rapò sou jesyon 4,2 milya dola Petrokaribe a, kote l montre gen dirijan peyi a, enstitisyon piblik kou prive ki enplike nan vòlè lajan sa a. Men, jiskounye la a, anyen pa fèt pou yo mete kòd nan ponyèt moun ki gen dwèt yo tranpe nan piyaj sila a. 

Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè konnen, vòlè ki enplike nan piye lajan petwokaribe a ap fè anpil mannigans pou yo bloke dosye a. Nan moman kote gen sanksyon entènasyonal k ap pran kont moun ki nan finanse gang, trafik dwòg ak zam epi fè kòripsyon nan peyi a, se bon moman pou konseye yo nan Lakoudèkont montre gen enstitisyon nan peyi a ki kapab fè travay yo.

N ap pwofite raple pou tout moun, lajan Petwokaribe a se yon lajan Venezyela te prete Ayiti sou fòm Petwòl. Chak lane Leta ayisyen oblije mete lajan nan bidjè a pou li peye fon sa a. Sa vle di, pèp la pa bwè pwa, men se li k ap bay lapire.

Nan kad misyon konstitisyonèl Lakoudèkont ki se kontwole depans Leta epi jije kontansye administratif yo, nou menm òganizasyon ak enstitisyon ki siyen lèt tou louvri sila a, nou mande konseye yo pou yo pran mezi prese prese pou yo bay arè debè yo. Se pou sa, nou mande konseye Marie Neltha Fètière, Jean Ariel Joseph, Rogavil Boiguené, Saint Juste Monprevil, Pierre Volmar Desmesieux, Nonie H. Mathieu, Marie France H. Mondesir, Fritz Robert Saint Paul ak konseye Arol Elie, pou yo pran responsablite yo pou arè debè yo soti san pèdi tan.  

Mesyedam Konseye Lakoudèkont yo, nou nan yon kalfou istorik kote nou dwe pran responsablite nou, paske si Arè Debè yo pa soti pou tribinal jije dechèpiyè yo, n ap konplis menm jan ak asasen piyajè yo. Li lè li tan pou nou di sosyete a sa k ap fèt epi pou nou pran dispozisyon pou jijman yo fèt.

N ap pwofite okazyon sa a tou pou nou mande sosyete a kale je li epi rete mobilize yon mannyè pou nou fòse konseye yo fè travay yo, jan nou te fè sa lè nou t ap egzije rapò sou gagòt lajan Petwokaribe a ak tout lòt gagòt ki fèt nan Leta a.

Lis òganizasyon ki siyen yo:

  1. Plateforme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains (POHDH) / Alermy Pierrevilus
  2. Gwoup Altènativ Jistis (GAJ) / Paul Joël
  3. Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè (KONBIT) / Josué Mérilien
  4. Konfederasyon Nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) / Origène Louis
  5. Latibonit Kanpe pou Ayiti (LAKAY) / Rigaud Vélumat
  6. Mouvman Pou Libète, Egalite ak Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF) / Domini Raisin
  7. Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) / Marie Bernadine Jeudi
  8. Centrale Nationale des Ouvriers Haitiens (CNOHA) / Dominique Saint-Eloi
  9. Konbit Popilè pou Libere Ayiti (KPLA) / Jean Marry Osiaste
  10. Oganizasyon Feminis Dantò / Vanessa Jeudi
  11. Rezo Oganizasyon Nòdwès / Kerby Joseph
  12. Cercle d’Etudes Antonio Gramsci (Sèk Gramsci) / Dorelas Sadrac
  13. Sèk Janil / Wisvel Mondélice
  14. Oganizayon pou Chanjman ak Avansman Nip (OCHAN) / Polissaint Fortuna
  15. Antèn Ouvriye / Sanon Reyneld
  16. Platfòm Ayiti Vèt (PAV) / Saico Sévère
  17. Association des Femmes et des filles pour l’Avancement et le Progrès (AFESAP) / Mona Brutus
  18. Mouvement Patriotique des Jeunes pour une Nouvelle Haïti (MOPAJENH) / Karl Frantz Cayemitte
  19. Konbit Ayisyen pou yon Lojman Altènatif (KAYLA) / Francia Pierette
  20. LAKOU / John-Herve Otaris
  21. Cercle des Jeunes en Action pour le Développement de Douzième-Petit- Goâve (CJADD) / Chenet Zamor

Pou otantifikasyon

Alermy PIERREVILUS                          Vanessa JEUDI                        Josué MERILIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.