Yon bandi tonbe, 2 otaj libere, 3 zam sezi nan Bon Repo

0
1348

2 otaj libere – 3 zam sezi ladan yo yon fizi M4 epi yon bandi tonbe

Lapolis nan Bon Repo libere, ayè dimanch 15 janvye 2023 a nan zòn “Moleard”, 2 otaj bandi te kidnape epi sezi 3 zam ladan yo yon fizi M4 ak 2 pistolè.

Bandi yo te nan wout pou antre nan baz yo avèk viktim yo pami yo yon pwopriyetè otèl, lè yo ale kwaze bab pou bab avèk bakòp BI Bon Repo a ki tap fè tchèk woutin sou wout la.

Pou tante chape poul yo, bandi yo tire sou polisye yo ki te oblije riposte. Nan echanj kout zam gen youn nan bandi yo, yo rele “Djery” ki blese mòtèlman; lòt yo menm malgre gen nan yo ki blese, yo rive sove.

Toutfwa lapolis rekipere machin nan ki se yon Toyota Land Cruiser ak 2 motosiklèt. Nan machin nan polisye yo jwenn 2 plak ki imatrikile AA-65533.

Bandi yo rele “Djery” a ki tonbe malerezman nan echanj kout zam avèk lapolis, se yon manb aktif gang kanaran an ki espesyalize nan detounen kamyon machandiz, vòl, kadejak, anlèvman etc.

Lapolis Nasyonal ap kontinye ranfòse prezans li nan lari a epi mande kolaborasyon tout moun nan long batay kont banditis ak kidnapin nan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.