18 octobre 2026
12 janvye 2023 | Ariel Henry preche rekonsilyasyon pandan l ap rann lavi pèp Ayisyen pi di chak jou
Actualités Société

12 janvye 2023 | Ariel Henry preche rekonsilyasyon pandan l ap rann lavi pèp Ayisyen pi di chak jou

((rezonodwes.com))—Trèz lane apre goudougoudou 12 janvye 2010 la, Dr Ariel Henry ke anpil moun kalifye de “yon katastwòf pou peyi-a nan siyen akò koken ak ti zanmi rejim PHTK a eki ap tann blan debake”,  preche jodiya “linyon ak rekonsilyasyon”, pandan l ap travay pou antre Ayiti pi fon nan twou.

Mouche Henry, ki se yon chwa ansyen prezidan devègonde mouche Michel Martelly, selon sa mouche Laurent Lamothe te revele, san l pa fouti pale de lajan CIRH la, deklare jedi 12 janvye a ke “ 13 lane apre katastwof 12 janvye 2010 la, pep la sonje toujou bann ak paket moun kit e mouri, blese ak tout dega kit e fet la”, li te kontinye pou’l di “inite, rekonsilyasyon ak leve eskanp ekonomik nasyon an se yonn nan pi bel omaj ke nou te ka ran victim yo”.

Sepandan, Premye minis ki bay tèt li tout pouvwa yo pat fouti al anba mòn Christophe bò Ti Tanyen pou’l depoze yon jèb flè nan memwa viktim yo.

Ariel Henry kap pale de “rekonsilyasyon” mete ak ti zanmi PHTK nan siyen yon akò ki gen anpil vis ladan’l poul ka wè nan ki mezi lap rive fè yon eleksyon-bidon pike kole tankou de lòt yo ke PHTK te reyalize an 2010 pou te ban nou de dènyè Lejislati kowonpi sayo.

Mouche Henry ki di lap kite pouvwa a 7 fevrye 2024, pa gen pyès lejitimite ki ta pou pemèt li fè sa, sof li jwen apwi yon gwoup moun ki pare pou al nan eleksyon-seleksyon ki pwograme pandan ke gang yo toujou gen kontwol plis ke mwatye peyi-a.

Nap souliye ke Ariel Henry pa itilize sit ofisyèl Primati pou fè pas mesaj 12 janvye a, se kont pal sou Tweeter li itilize. Eske se yon fason pou’l kontinye pwouve se pa zafè peyi Dayiti lap defann depi oligak li kanpe rèd dèyèl ?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.