Lapolis latibonit di li libere 4 otaj kidnapin

0
1124

POLIS NASYONAL AYITI / DIREKSYON DEPATMANTAL LATIBONIT* 
Liberasyon 4 sitwayen ki te kidnape nan lokalite Lyankou

Bandi nan « Dig » , yon lokalite nan komin Lyankou te kidnape kat (4) sitwayen Ayisyen madi 10 janvye 2023 vè 1:00 nan apremidi. Viktim yo  te nan yon machin pou al depoze lajan labank. 

Premye eleman ankèt yo fè eta de yon posib vol domestik ki ta makiye an kidnapping kote moun nan anviwonman viktim yo ta itilize manm gang pou kidnape 4 moun sa yo.
Yon gwoup Lyankou ki nan konivans ak gang angaje 3 bandi pou komèt zak ilegal sa.

Apre kidnapping nan, gwoup sa te pran lari ak zam nan men yo e yo tap tante mobilize yon pati nan popilasyon an kont lapolis nan mete barikad sou wout la yon mannyè pou fòs lòd yo pat rive libere otaj yo paske yo te wè lapolis te pran direksyon kote bandi yo te sere otaj yo. Yo te pran preteks ke yo tap pwoteste kont kidnapping nan.

Yon lot pati nan popilasyon an ki byen avize te apiye lapolis e yo tap bay bon jan enfòmasyon sou pozisyon yo kache otaj yo. 

Ekip UDMO ki te sou plas vin jwenn ranfò lot kòlèg ki te soti Senmak, majorite popilasyon an te vin pran konfyans. Gwoup ame ki tap apiye bandi yo te fonn kou bè  Kidonk, presyon lari a ak dispozitif lapolis nan Balatibonit te oblije kidnapè yo libere otaj yo apre 3zèdtan.

Lapolis sou pis kidnapè yo e lap ankete sou plizyè moun Lyankou ki sèvis baz ak antèn gang Savien, gang Nan Dig ak gang Nan Palmis. Sèvis Ransèyman Depatmantal Latibonit deja idantifye kek reselè nan Lyankou e lap kontinye apwofondi ankèt li pou jwenn plis evidans kont endividi sa yo.

Gonayiv, 10 janvye 2023

Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.