12 janvye 2010, 12 janvye 2023 : FRAKKA egzije divès aksyon an favè viktim yo ak mas pèp la

0
956

FOS REFLEKSYON AK AKSYON SOU KOZE KAY AK ALIMANTASYON (FRAKKA)

Nòt pou laprès nan okazyon 13 lane tranbleman tè 12 janvye a

12 janvye 2010, 12 janvye 2023 fè egzakteman 13 lane depi yon gwo tranbleman tè frape Ayiti jouk nan zo. Dega tranbleman tè sa a te trennen dèyè li te lakòz plis pase 250 mil moun mouri epi anviwon 1 milyon 500 mil moun te lage de bra balanse, san kay pou yo rete. Apre kokenn chenn katastwòf sa a, anpil konpatriyòt anndan kou deyò peyi a te mobilize pou fè solidarite ak moun ki viktim yo. Peyizan yo te blije menm mete semans pou yo plante nan chodyè pou resevwa viktim ki debake lakay yo. Se te yon gwo mouvman solidarite.

Apre tranbleman tè a anpil bayèdefon te mobilize pou gade kouman ede rekonstui Ayiti. Konsa, yo te pwomèt plis pase 11 milya dola pou rekonstui peyi a. Pou sa, entènasyonal la ak dirijan Ayisyen yo te mete kanpe Komisyon Pwovizwa pou Rekonstui Ayiti ki te gen ti non franse CIRH[1]. Se komisyon sa a ki te gen nan tèt li Bill Clinton ak Jean Max Bellerive ak divès lòt aktè ki te gen responsablite pou jere fon yo. Men anreyalite, se nan radyo ak nan televizyon nou tande pale koze rekonstriksyon sa a. Bill Clinton, Jean Max Bellerive ak akolit yo te mete ak divès enstitisyon lokal ak entènasyonal pou gagote fon ki te rive debloke nan 11 milya pwomès ki te fèt yo. Se ak dife epi represyon pouvwa Tèt kale a te deplase pifò moun ki te nan kan yo apre tranbleman tè a. Apre sa, kèk grenn moun te jwenn 20 mil goud pou swadizan al chache lòt kay. Jouk nan moman n ap pale la a, plizyè santèn viktim 12 janvye toujou ap viv anba tant.

13 lane apre, pwoblèm lojman an ki te deja grav, vin pi grav. Moun nan mas yo, menm moun nan tiboujwazi a paka ni achte ni anfèmen kay pou yo rete. Pwopriyetè kay yo fikse pri yo an dola. Menm Leta ap anfèmen kay an dola pou mete yon seri enstitisyon. Pafwa se dirijan yo menm ki lwe leta kay yo fè ak lajan leta. Apre gagòt lajan CIRH la, Bill Clinton ak Kò Gwoup la mete yon bandi legal nan tèt leta a pou kontinye piyaj la. Se konsa yo pral dechèpiye lajan petwokaribe a. Bandi legal yo ak akolit yo nan entènasyonal la tabli gang nan tout peyi a pou anpeche mobilizasyon popilè, pou kontinye kenbe pouvwa a epi anpeche tout pwosè kont lajan CIRH la ak lajan petwokaribe a. Jounen Jodi a, akote tranbleman tè k ap mete mas pèp la nan lari, gen gang ame k ap pouse do mas yo. Nan katye popilè yo, gen plis pase 30 mil moun ki kouri kite lakay yo anba latèrè gang ame. Sa ki fè, ni pwoblèm kay, ni pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo.

Douvan sitiyasyon malouk sa a, Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) mande :

  1. Pou mas yo kontinye leve kanpe kont dirijan manfouben, piyajè ki nan tèt leta a ak tout Kò Gwoup la k ap kore piyajè yo
  2. Pou Leta pran bonjan mezi pou pèmèt moun k ap dòmi nan lari yo jwenn kay pou yo rete
  3. Pou Leta mete plis kontwòl sou pri vant ak fèm kay nan peyi a
  4. Pou leta limite maj benefis boujwa yo ap fè sou machandiz yo, sitou sou pwodui alimantè yo
  5. Pou Leta sezi kay tout piyajè ak moun ki anba sanksyon yo epi mete byen yo ak kay yo nan sèvis viktim yo

Pou FRAKKA

Tina Daniel / 37764763

Jimmy Michel / 47779187

Rosemond Joseph / 36198710


[1] Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’Haïti.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.