Lapolis arete 9 bandi epi sezi 2 machin ak yon zam nan 3 operasyon nan Latibonit

0
1535

9 bandi arete, 2 machin ak 1 zam sezi nan 3 operasyon kont bandi Latibonit  

NOT POU LAPRES

Samdi 7 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–

Jedi 5 janvye, UDMO Latibonit arete Evens Alexandre ak yon zam ilegal apre Lapolis te gen alèt sou machin li tap kondwi a ki te gen 3 sispek ladan. 2 lot yo sove pandan operasyon an, detni an ap reponn kesyon SDPJ Latibonit. 

UDMO Gonayiv ak Senmak mennen yon gwo operasyon  vandredi 06 janvye 2023 kont 2 gang nan komin Montrouis ki tap afwonte antre yo epi mete gwo panik sou wout nasyonal #1 a. Gen yon gang ki soti nan lokalite Jalouzi epi lot la soti nan lokalite Vendum. Lapolis entèpele 13 nan yo, SDPJ nan Senmak kenbe 6 apre odisyon yo, ki se: Franky camelus,, Nauly Eugène, Desrivieres Dideley, Boniface Davidson, Louis Michelet, Toussaint Godson.

Vandredi 6 janvye, lapolis nan Senmak arete Romiald Luzincourt, yon chofè bus kap fè trajè Potoprens/Senmak apre li ta pase nan yon wout krochi zòn Moro ak pasaje li tap transpòte, kote lapolis Senmak entèdi machin sikile apre 6zè nan aswè. Bandi ki soti nan Lyankou kidnape 2 nan pasaje yo. Chofè sa ap reponn Kesyon sèvis envestigasyon Senmak. 

Komisarya Gonayiv arete Wilton, yon bandi baz Gran Grif Savien ki te vin kache Raboto apre popilasyon zòn sa te denonse l epi remèt li bay lapolis. 

Gonayiv, 7 janvye 2023

 Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.