Ansyen konsil Fritz Dorviliers denonse Anbasadè Kanada ki louvri bouch li lè l vle nan zafè Ayiti

0
1238

Vendredi 6 janvier 2023 ((rezonodwes.com))— Ansyen konsil Ayiti nan Montréal, Doktè Fritz Dorviliers, soti finalman nan silans li pou l eksplike rezon ki fè minis afè etranjè a, Jean Victor Genelus, revoke l.

Revokasyon sa a ki vini sou yon fòm transfè pou Panama epi apre 10 jou sou yon rapèl nan Pòtoprens li eksplike nan mikro Matin Debat ke “se deklarasyon sou machin blende ki kòmande Kanada yo ki ala baz sanksyon” miz aleka ke rejim restavèk Ariel Henry “pran kont li”.

Dòk Dorviliers pwofite pou di pandan yo repwoche l pou yon bagay ki jis li di, Anbasadè Kanada ann Ayiti pale lajman laj nan tout dosye ki konsène Ayiti. Diplomat la ta sanble vle fè konparezon ant sa blan ka fè lakay nou e li pa pèmèt ou fè l lakay li paske se li menm ki gwo ponyèt.

Dorviliers ki te pwòch ansyen prezidan Jovenel Moise (PHTK2) ak manm nan ekip Claude Joseph ki enfeste diplomasi a ak  ti zanmi pa l sitou nan zòn Ewòp la, dapre yon dal denonsyasyon, ta toujou ap viv Monreyal sou yon viza dapre sa yon sous diplomatik te fè Rezo Nòdwès konen lane dènyè.

Kanada, pou konnye a apre gwo eskandal ki te genyen nan Rwanda, ta sanble ap pare tèt li pou vinn okipe Ayiti nan plas Etazini. Anbasadè li ki sou teren an kontinye konpòte tèt li kòm Gouvènè peyi a eke Ariel Henry se avèk yo l ap travay.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.