Moun Dezam nan Latibonit fè lapolis kado 2 dwon pou ede konbat gang

0
1521

Sosyete Sivil Dezam bay Sou-komisarya Dezam 2 dwòn pou lapolis ka opere kont bandi Balatibonit

Lapolis inogire nouvo lokal  Sou-komisarya Dezam ki nan komin Vèrèt epi enstale yon nouvo ekip polisye apre  lokalite sa pase 13zan san prezans lapolis.

Se sou enstriksyon Direktè Jeneral polis Nasyonal la, DG Frantz ELBE ke reyalizasyon gwo evenman sa rive fet.

Direktè Depatmantal Latibonit la ki te reprezante Direktè Jeneral la nan seremoni ofisyel la te felisite sosyete sivil Dezam nan pou 2 dròn yo mete a dispozisyon sou komisarya ak lot materyel yo bay pou polisye yo santi yo konfotab nan zòn nan.

Reouvèti sou-komisarya Dezam nan rantre nan kad estrateji Direktè Jeneral polis la pou kouvri tout espas teritoryal kote bandi te okipe akoz pat gen polisye.
Gonayiv, 05 janvye 2023.

Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.