Selebrasyon 219 lane revolisyon Ayiti ak 64 lane revolisyon Kiba

0
873

Kominike pou Laprès

Selebrasyon 219 lane revolisyon Ayiti ak 64 lane revolisyon Kiba

Sou inisyativ Kolektif Òganizasyon Pwogresis Ayisyen pou Solidarite ak lòt Pèp (KOPASP), yon jounen aktivite te fèt dimanch 1e janvye 2023 a, nan Fakilte IERAH/ISERSS pou selebre 219 lane revolisyon Ayiti ak 64 lane revolisyon Kiba. Jounen sa a te fèt anba tèm : « 1e janvye 2023 : 219 lane revolisyon Ayiti, 64 lane revolisyon Kiba, ki leson ? ».

Nan pawòl pou louvri jounen an, nou te wè objektif aktivite a se te pou pèmèt nou sonje epi salye batay zansèt yo te mennen pou yo te chavire yon sistèm ki t ap bwè san yo depi plizyè syèk. Anplis, se te yon mannyè tou pou nou te gade ki leson nou ka jwenn nan de (2) revolisyon yo parapò ak malè pandye peyi enperyalis yo jounen jodi a. 

Nan kad aktivite sa a, kamarad Georges Eddy Lucien te fè yon entèvansyon sou gran moman revolisyon Ayisyen an kote li te gade karakteristik li ak leson nou ka tire ladan l pou batay jounen jodi a parapò ak kriz k ap layite nan peyi a. Daprè presizyon li, move kondisyon lavi sèlman pa sifi pou genyen revolisyon. Mete sou sa, fòk popilasyon yo rann kont sitiyasyon yo pa bon, li pa aseptab, fòk yo òganize yo pou yo goumen pou yo chanje li. Nan sans sa a, wòl avangadis yo enpòtan anpil. 

Bò kote pa li, kamarad Camille Chalmers te fè yon paralèl ant de (2) revolisyon yo epi li te mete aksan sou leson nou ka tire nan tou de (2). Daprè li, nou nan yon sosyete ki gwòs yon revolisyon, se sèlman yon koupe fache revolisyonè k ap pote chanjman toutbon nan sitiyasyon peyi a ye jodi a, pa gen okenn lòt solisyon anndan lojik sistèm neyokolonyal ameriken yo tabli nan peyi a depi 1915 lan.

Nan sal konferans lan ak nan lakou a, òganizatè yo te ekspoze foto plizyè ewo endepandans lan ak foto ewo revolisyon Kiba a. Nan moman poz apre premye tranch diskisyon yo, patisipan yo te bwè mabi ak soup lendepandans. Tanbourinè Atchasou, powèt Ricardo Boucher ak chantè Kebert Bastien (KEB) te pote animasyon pou yo te boukle jounen an.

Pòtoprens, madi 04 janvye 2023.

Reyneld Sanon                                                                  Guy Numa

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.