26 septembre 2025
3 bandi “400 Mawozo” tonbe anba bal lapolis
Actualités Kreyòl Société

3 bandi “400 Mawozo” tonbe anba bal lapolis

Lapolis rekipere yon zam lagè nan Dival, komin Kwadèboukè

Gen 3 bandi ame ki fè pati gang “400 Mawozo” ki blese mòtèlman ayè lendi 2 janvye a nan Dival, Kwadèboukè nan echanj kout zam avèk lapolis.

Gen yon fizi daso, M-16, Fòs lòd yo rive rekipere nan kad operasyon sa kote gen yon polisye ki sòti blese tou.

Ranfòse kapasite operasyonèl lapolis la epi kontinye mete presyon sou gang ame yo pou demantle yo se 2 nan priyorite Wo-kòmandman Polis nasyonal la defini pou nouvèl ane a.

Operasyon yo pap kanpe e dispozitif pou asire yon prezans polisyè nan lari a ap kontinye pou prevni oubyen reprime tout menas ki gen pou objektif kreye latroublay oubyen mete dlo nan zye fanmi ayisyèn yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.