Pou 2023 pa sanble ak 2022, MODEP sonnen lanbi mobilizasyon popilè a bonè bonè

0
1215

ANN SONNEN LANBI MOBILIZASYON POPILÈ A BONÈ BONÈ, POU 2023 PA SANBLE ak 2022

Nan okazyon 219 lane endepandans peyi a, MODEP salye memwa tout zansèt nou yo ki te batay pou bannou yon peyi granmoun apre gwo kal yo te bay lame fransè a. Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) wete chapo l devan kouraj mas yo ki brave ensekirite, represyon, masak pou pran lari kòm espas politik pou denonse modèl Leta boujwa, kowonpi, kriminèl, restavèk la ki pa sispann krache sou batay zansèt nou yo, aplike politik ekonomik ak desizyon politik nan enterè boujwazi a ak peyi enperyalis yo, kont enterè mas yo.

Divès batay mas yo mennen pou chanje kondisyon lavi yo epi mete yon Leta sèvitè ki mete lavi moun, anviwonman, kilti ayisyen an nan mitan tout dezisyon politik pa rive nan objektif yo akoz peyi enperyalis, boujwazi sanginè yo vle toujou kenbe gouvènman konwonpi, bandi PHTK a ki fin sabote tout enstitisyon demokratik peyi a, piye resous Leta a, moute pri gaz nan ponp yo pou moute gaz nan vant mas yo.

Lane 2022 a kite yon gou anmè nan bouch mas yo akoz lavi chè, represyon, ensekirite, men tou akoz “gòl ak men” yo pran  nan men yon bann lidè ki pa ka kenbe grangou. Lidè sa yo ki pa gen plim anba vant yo tèlman yo ranpe mare sosis yo ak rejim PHTK-Aryèl la, boujwazi kriminèl machann zam yo ak kominote entènasyonal la pou pase anba pye tout pwopozisyon pou soti peyi a nan sitiyasyon li ye a. Yo  mache siyen divès akò tankou sa 11 sektanm nan ki rantre mas yo pi fon nan mizè. Menm aktè yo mete kanpe yon nouvo akò pou pwolonje manda Aryèl pou 14 mwa ak yon “Haut conseil de transition” mannigèt ak kèk grenn politisyen rat do kale ki pase anba pye konstitisyon peyi a.

Ki byen koukou te fè pou frize pou li ta rele pitit li frizelya ? ki sèvis rejim PHTK-Aryèl ak alye yo rann peyi a pou yo ta pwolonje pouvwa l pou 14 mwa anplis ? Tout desizyon rejim sa pran tankou: moute pri gaz, pri paspò, pri lisans, kous machin, pri manje, ensekirite ak kraze tout enstitisyon demokratik yo se kont mas yo.

Sa parèt klè tankou klewòz si mas yo pa leve kanpe bonè pou dechouke  rejim sa, se menm ekonomi kolonyal la ki pral aplike nan peyi a, menm pwojè kreye chomaj, lamizè, koripsyon ak kraze pwodiksyon nasyonal la. Batay la pral pi difisil pou mas yo paske rejim nan vle gen militè etranje ki akonpaye l pou kenbe peyi a nan plis depandans epi likide tout ti rès resous peyi a bay anttrepriz miltinasyonal yo. Pwojè okipasyon militè etranje sou pretèks batay kont ensekirite pwograme a se yon pwojè mete baboukèt nan bouch mas yo pou pa denonse modèl pwojè Leta a. Mas yo pa dwe kite diskou pachiman batay kont ensekirite vire lòlòy pou yo pran kaka poul pou ze. Pwojè okipasyon militè a se pa yon pwojè pou bay pèp ayisyen sekirite, men pito pou bay pwojè kapitalis yo tankou : pwojè dap piyanp sou tè, pwojè zòn franch endistriyèl, touristik, agwo endistriyèl , pwojè piyaj resous natirèl anba tè peyi a sekirite. Pou mas yo, okipasyon militè a se yon pwojè k ap pote plis mizè, kadejak sou fanm ak ti gason, lage medam yo ak pitit san papa, maladi enpòte, destriksyon anviwonman peyi a elatriye. Se yon  pwojè pou kontinye kenbe mas yo nan lapèrèz ak nan kras.

Pwojè òganize yon eleksyon pike kole ak rejim sa, anba bòt militè etranje oubyen anba dyòl zam gang ame, se yon pwojè pou kontinye mete sanginè, kowonpi nan tèt Leta a pou bay pwojè kolonyal ki ap aplike nan peyi a lejitimite. Fas ak katastwòf sa ki anonse a, mas yo, òganizasyon popilè yo, òganizasyon peyizan yo, sendika ouvriye yo, òganizasyon dwa moun yo, òganizasyon etidyan pwogresis yo, moun nan katye popilè yo, chomè yo dwe sonnen lanbi mobilizasyon popilè a pou dechouke modèl Leta sa epi mete kanpe yon Leta sosyalis ki chita sou yon pwojè libète ak byennèt pou tout moun.

Lane 2023 a se lane pou mouvman popilè ayisyen an leve nivo konsyans li sou responsablite li genyen pou batay pou yon lòt kalite sosyete.

Edikasyon popilè, Konsyantizasyon, òganizasyon popilè, mobilizasyon popilè, detèminasyon, solidarite se zouti pou chavire sistèm peze souse a !

Pou MODEP :

Peterson DEROLUS

Guy NUMA

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.