26 septembre 2025
Lapolis arete 3 bandi baz Gran Grif Savien ak yon bandi baz Vitelhomme nan Ba Latibonit
Actualités Kreyòl Société

Lapolis arete 3 bandi baz Gran Grif Savien ak yon bandi baz Vitelhomme nan Ba Latibonit

Senel Dorisca ak frè l Lissage Dorisca jwenn arestasyon yo nan vil Senmak apre yon tantativ kidnapping popilasyon an te dejwe nan Jan Deni sou yon machin ki tap pran Direksyon Sen Michel 

Florestal Riguenson, alias izi, jwenn arestasyon l nan Ti Rivyè Latibonit ak yon zam ilegal apre sèvis ransèyman nan Senmak te fin idantifye bandi a kom yon manm baz Gran Grif ki nan Savien. 

Carly Dousse, jwenn arestasyon l nan vil Senmak apre Sèvis ransèyman Depatmantal Latibonit ki deplwaye Senmak te idantifye l kom manm gang Vitelhomme kap pwofite ransone moun pandan pasaj li nan Balatibonit pou peryod fet la.

4 bandi sa yo deja ap reponn kesyon SDPJ nan Senmak, dapre sèvis kominikasyon lapolis nan Gonayiv. 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.