Sistèm enpinite al kowipsyon ke rejim PHTK a mete sou pye depi plis pase 10 lane, met la jistis nan peyi Dayit a tè plat. E bandi yo jwen’n anpil sitirans pou yo layite, fè tout move vye zak jouka bay la polis defi nan kèk zòn tankou Matisan, kanan, Laboul 12…
Lapolis nan Latibonit kontinye debranche gang Savien an, dapre yon kominike
Gonaives, vendredi 23 décembre 2022 ((rezonodwes.com))–Félix Séus, 33 lane manm aktif Baz Gran Grif, gang kriminèl kap opere nan Savien, jwenn arestasyon l nan lokalite Borel ki nan komin Vèrèt.
Pou kounyea, dapre la polis nan Latibonit nan yon kominike, lap reponn kesyon Sèvis envestigasyon Senmak.
Nap raple ke Baz Gran grif ki tabli nan Savien, se yon lokalite nan komin Ti Rivyè Latibonit li ye. Félix Séus se reprezantan Baz sila nan Vèrèt, li te gen misyon pou tabli yon ramifikasyon rezo Gran Grif nan komin Vèrèt.
Lapolis nan Ba Latibonit di ke li pran tout dispozisyon pou koupe tout pon kap asire lyezon ak Baz Gran Grif la kit se nan Lyankou, Palmis ak Vèrèt. Operasyon sible sa yo vize debranche tout rezo kap alimante baz Gran Grif la.
Avan lontan, dapre sa yo deklare, tout baz sa ap fè tet yo prizonye kote yo ye a. Tout sa ki soti deyò pap rantre ankò. Gen antèn sou tout. Yap gen 3 chwa : Mare – Mawon – Mouri. Swa yo rann tet yo pou Mare, swa yo mawon net , swa yo mouri nan nouvo fason entèvansyon yo pral fet la.
sous: Sèvis Depatmantal kominikasyon Latibonit

