“Gonayiv pa Matisan” : Eske Ariel ak Elbe ap finalman bwè soup Premye Janvye sou Plas Site Lendepandans lan ?

0
1080

Premye minis Ariel Henry te antre Gonaives an kachèt nan la vèy Premye Janvye 2022, dapre anpil sous. Eske lap fè sa ankò? Eske ti mesye Raboto-yo sou kontwòl minis Defans lan?

Samdi 24 desanm 2022 ((rezonodwes.com))—Premye minis kominote entènasyonal la bay pouvwa an Ayiti depi plis ke yon lane edmi san l pa rive regle anyen pou pi piti pou peyi a, Ariel Henry, pa menm yon fwa nan ane 2022 a pa janm mete pye l nan vil Gonayiv, depi dènye pataswèl li te pran nan men yon gwoup moun ak zam nan Raboto nan kouri kite Katedral la.

Direktè polis la ki non sèlman pa rive rezoud pwoblèm Matisan an e k ap gade de je pete klere Kanaan kap sibi menm sò a nan men gang yo, te deklare an desanm 2021 ke “Gonayiv pa Matisan”, poutan gwo chèf la pa t rive pèmèt wa Henry Nul kale kò l sou Plas Site Lendepandans lan.

Kesyon kap poze kounye a, èske mouche Frantz Elbe ap rive pwouve premye janvye 2023 ke “Gonayiv pa Matisan” e ke Ariel Henry ki se yon conze k ap mande okipasyon peyi l pou l kenbe pouvwa pou pi lontan, ap ka li diskou l la ane sa san kè sote devan estati Dessalines, yon gason kanson fè ki pa t janm nan danse kole ak blan, epi moun ki pa janm bay ras nwa valè. Yo te kenbe tout nèg nan esklavaj e ki jounenn Jodi-a, anpil dirijan Ayisyen se esklav mantal yo ye.

Dr. Ariel Henry ki pa bay pyès Aysyen regle anyen pou li depi Madan La Lime kanpe drèt dèyè l, poko montre pyès siy ke li prale Gonayiv, yon vil kite leve kont li mwa oktòb la pou te mande l rache manyòk li.

Lap vini ou byen li pa prale?

Na p raple ke ekip PHTK3 a kap eseye entegre lòt figi nan mitan yo pou kontinye plonje peyi a nan plis lamizè, fè MUPANAH tounen yon depotwa flè paske bandi yo pa pèmèt Ariel Henry ale ni Pon Wouj, ni Marchand Dessalines, ni Vertières ane sa pou al fè parad.

Eske 1er janvye Ariel ak Elbe pra l bwè soup la ak moun Gonayiv?

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.